Our Projects

LÈ PITIT MWEN JWENN DISIPLIN NAN LEKÒL

Yon Gid pou Fanmi Massachusetts yo

REMÈSIMAN >>

YON MESAJ DIREKTÈ EGZEKITIF LA
Massachusetts Appleseed Center for Law and Justice, Inc. ofri manyèl sa a kòm yon zouti pou ede paran ak responsab legal ki toupatou nan Massachusetts pou yo vin defansè ki gen anpil enfòmasyon pou pitit yo ak pou règleman disiplin nan lekòl ki san paspouki ak egalego. Twò souvan pwoblèm disiplin nan lekòl kapab lakòz elèv yo pase tan deyò lekòl la epitou sa kapab gen plis ka timoun ki ale nan tribinal jivenil. MA Appleseed rekonèt patisipasyon yo nan lekòl enpòtan anpil pou asire pwogrè yon timoun nan edikasyon, pou ede kenbe lekòl yo an sekirite, epitou pou diminye nèt bezwen pou ranvwaye timoun yo nan salklas regilye.

EKIP PWOJÈ A
Gid sa a se yon pati nan pwojè prensipal MA Appleseed, "Keep Kids In Class: Breaking the School to Prison Pipeline." "Gid pou Paran yo" gen pou wè ak konpetans debaz MA Appleseed nan rechèch, divilgasyon enfòmasyon ak defans. Nou di mèsi avèk anpil senserite pou tout patnè ki ban nou sèvis gratis ak kolaboratè nou yo ki te patisipe nan espètiz ak resous pou ede MA Appleseed kreye Gid sa a pou Paran yo. MA Appleseed gen rekonesans espesyal pou avoka yo ki nan Goodwin Procter LLP paske yo te fè rechèch pou Gid pou Paran yo epitou pou Cummings Foundation, Inc. pou sipò yo pou pwojè a.

TEXAS APPLESEED
Nou gen anpil rekonesans pou kamarad nou yo nan Texas Appleseed pou pèmisyon yo te bay pou nou modifye piblikasyon ki baze sou lwa Texas, "When My Child is Disciplined at School" (Lè yo Disipline Pitit Mwen nan Lekòl). Nou ta renmen di mèsi pou manm Ekip Rapò Texas Appleseed, Erica Terrazas, Deborah Fitzgerald Fowler, Rebecca Lightsey, ak Janis Monger.

AVÈTISMAN LEGAL
NOU BAY ENFÒMASYON KI NAN MANYÈL SA A KÒM YON AFÈ SÈVIS PIBLIK EPITOU YO LA POU ITILIZE KÒM ENFÒMASYON SÈLMAN. ENFÒMASYON YO PA LA KÒM KONSÈY LEGAL EPI OU PA TA DWE ITILIZE YO POU SA. NOU ANKOURAJE PARAN YO, RESPONSAB LEGAL YO, ELÈV YO, AK LÒT MOUN K AP ITILIZE MANYÈL SA A TOUTBON POU YO KONTAKTE AVOKA YO NAN AFÈ KI GEN POU WÈ AK ELÈV YO AK DISIPLIN NAN LEKÒL.

SA KI NAN LIV LA >>

ENTWODIKSYON
DISIPLIN NAN LEKÒL: Prensip Debaz pou Paran yo, Responsab Legal yo, ak Elèv yo
CHAPIT 1 – Disiplin nan Lekòl: Premye Repons yon Paran
CHAPIT 2 – Reyinyon avèk Lekòl la Sou Pwoblèm Disiplin ak Lè pou Konteste yon Desizyon Disiplin nan Lekòl
CHAPIT 3 – Fason pou Chèche Konprann Metòd Disiplin nan
CHAPIT 4 – Fason pou Konteste yon Desizyon Disiplin
LIS TOUT ENFÒMASYON YON PARAN DWE GENYEN: Etap pou Fè Lè yo Disipline Pitit Mwen nan Lekòl
CHAPIT 5 – Sispansyon pou Vyolasyon ki Pa Grav
CHAPIT 6 – Sispansyon ak Ekspilsyon pou Vyolasyon ki Grav
CHAPIT 7 – Sispansyon ak Ekspilsyon pou Plent Kriminèl ak Deklarasyon Kilpabilite nan Ka Krim yo
CHAPIT 8 – Lwa Massachusetts kont Kraponay
CHAPIT 9 – Arestasyon nan Lekòl ak Disiplin ki Gen pou Wè ak Lapolis
DOKIMAN SIPLEMANTÈ

ENTWODIKSYON >>

MA Appleseed prepare Gid sa a pou Paran yo pou ede fanmi ki gen pwoblèm akòz disiplin lekòl bay yon timoun, oswa paske lekòl mete yon timoun deyò. Lè lekòl pitit ou disipline li, li enpòtan pou ou - antan paran oswa responsab legal timoun nan - konprann:

  • Pou kisa lekòl la disipline pitit ou?
  • Ki mezi lekòl la pran pou disipline pitit ou?
  • Ki etap ou kapab fè pou ede pitit ou?
  • Kijan ou kapab limite konsekans disiplin nan ap gen edikasyon pitit ou?

Paran yo rekonèt lè yo mete yon timoun deyò nan salklas la oswa lè lekòl la pini pitit yo nan yon lòt fason sa kapab nuizib pou konpetans yo pou yo aprann. Lè sa rive, bagay ki pi enpòtan ou kapab fè se bay patisipasyon ou. Lè ou se yon paran ou se pi bon defansè pitit ou epitou pafwa ou se sèl defansè li.

MA Appleseed devlope Gid sa a pou Paran yo pou ede yo konprann metòd disiplin nan. Nan Gid la, nou diskite sou diferan kalite mezi disiplinè lekòl yo kapab pran ak fason pou defann pitit ou. Nou bay enfòmasyon detaye tou nan tèm pwofàn sou estrikti legal ki aplike pou diferan kalite vyolasyon ak kalite mezi disiplinè lekòl yo kapab pran, tankou sispansyon oswa ekspilsyon.

ESTRIKTI LEGAL LA

Yo te chanje estrikti legal pou disiplin lekòl yo nan fason ki enpòtan depi ane 2014. Objektif prensipal chanjman sa yo se pou asire pratik disiplin yo san paspouki ak apwopriye; pou limite tan elèv yo pase deyò lekòl yo; pou kenbe elèv yo angaje nan edikasyon yo pandan yon peryòd sispansyon oswa ekspilsyon; epitou pou ankouraje patisipasyon paran yo nan pratik disiplin ki afekte pitit yo.

Règleman Depatman Edikasyon Primè ak Segondè (Department of Elementary and Secondary Education) egzije lekòl yo pou yo reflechi de fwa anvan yo sispann yon elèv poutèt elèv la vyole règ lekòl la. Lekòl yo gen obligasyon pou yo itilize lòt mwayen parapò ak sispansyon an epitou pou yo fè efò pou re-angaje elèv yo nan edikasyon.

Mete objektif ak obligasyon sa yo nan tèt ou pandan w ap chèche konprann metòd disiplin lekòl la, epitou itilize enfòmasyon ki nan Gid sa a pou Paran yo pou ede ou vin yon defansè solid ak vokal pou pitit ou.

FASON GID POU PARAN YO ÒGANIZE

Premye bagay w ap jwenn nan Gid sa a pou Paran yo se yon lis prensip debaz. Prensip debaz sa yo se pi bon pratik tout paran ak responsab legal yo ta dwe konsidere, lè yon timoun gen pwoblèm nan lekòl la epi lè paran an oswa responsab legal la te patisipe nan metòd disiplin nan.

Gid pou Paran yo gen de (2) pati ladan. Premye pati a gen kat (4) chapit ki eksplike metòd disiplin nan ak fason pou defann pitit ou. Chapit yo gen ladan konsèy sou premye repons yon paran pou disiplin lekòl la (Chapit 1); reyinyon avèk lekòl la konsènan disiplin lekòl la ak lè pou konteste yon desizyon disiplin lekòl la (Chapit 2); fason pou chèche konprann metòd disiplin lekòl la (Chapit 3); ak fason pou konteste yon desizyon disiplin lekòl la (Chapit 4). Nan fen premye pati a, w ap jwenn yon lis tout enfòmasyon yon paran dwe genyen k ap ede ou swiv metòd la epitou k ap ede ou vin yon defansè ki efikas pou pitit ou.

Premye kat (4) chapit yo dekri metòd disiplin lekòl la pou chak nan twa (3) kategori konduit elèv yo, epitou li bay estrateji enpòtan pou kenbe yon timoun nan salklas la kote li an sekirite, jwenn sipò, epi disponib pou aprann. Pou itilize estrateji sa yo avèk efikasite, ou dwe konprann tou kontèks kote lekòl la disipline pitit ou. Konduit elèv yo klase dapre nivo gravite vyolasyon an, epitou diferan règ ak pwosedi detèmine chak kategori. Dezyèm pati Gid pou Paran yo bay enfòmasyon sou chak kategori vyolasyon, mezi disiplinè lekòl la ka enpoze nan chak ka, ak fason pou chèche konprann metòd disiplin nan. Chapit sa yo gen ladan vyolasyon ki pa grav dapre Seksyon 37H¾ (Chapit 5); vyolasyon ki grav dapre Seksyon 37H (Chapit 6); plent kriminèl dapre Seksyon 37H½ ak deklarasyon kilpabilite nan ka krim yo ak ka delenkans jivenil (Chapit 7); ak Lwa Massachusetts kont Kraponay (Chapit 8). Dènye chapit la diskite sou arestasyon nan lekòl ak disiplin ki gen pou wè ak lapolis (Chapit 9).

Nou mete yon Dokiman Siplemantè tou ki gen yon lis lòt resous nou fè referans toupatou nan Gid pou Paran yo.

Nou swete w ap jwenn Gid pou Paran yo itil ou pandan moman difisil sa a pou ou ak pitit ou.

Back to Top

DISIPLIN NAN LEKÒL >>

Prensip Debaz pou Paran yo, Responsab Legal yo, ak Elèv yo

Lè w ap chèche konprann metòd disiplin lekòl la, swiv prensip debaz sa yo:

  • Bay patisipasyon ou! Defann pitit ou.
  • Montre respè pou tout anplwaye distri a epitou mande pou tout anplwaye distri a respekte ou.
  • Ale nan lekòl ak salklas pitit ou, patisipe nan aktivite lekòl la, epitou obsève klas la dapre gid distri a.
  • Kominike avèk direktè lekòl la oswa administratè li chwazi ki gen otorizasyon pou ranvwaye pitit ou nan salklas la oswa pou re-mete pitit ou nan yon lòt salklas.
  • Mande yon konferans avèk direktè lekòl la oswa administratè li chwazi a pou diskite sou mezi disiplin yo pwopoze yo ak lòt kalite mezi ki posib. Fè responsab lekòl la sonje esklizyon nan lekòl la ta dwe dènye solisyon an.
  • Mande yon entèprèt nan konferans paran an, nan reyinyon lekòl la, ak nan lòt aktivite yo si ou pa pale oswa pa konprann lang Anglè, oswa si ou bezwen entèpretasyon aloral avèk jès oswa langaj siy.1
  • Mande pou jwenn tout dosye alekri lekòl la konsènan pitit ou, tankou dosye disiplinè yo, dosye konsè yo, dosye prezans lan, evalyasyon pwofesè ak konseye, ak rapò sou abitid konpòtman yo.
  • Li kòd konduit lekòl la ak manyèl pou elèv yo.
  • Jwenn enfòmasyon sou sèvis edikasyon espesyal pou elèv andikape yo.
  • Mande yon evalyasyon pitit ou sispèk li ka bezwen sèvis edikasyon espesyal.
  • Rapòte diskriminasyon posib, asèlman, oswa kraponay ki konsène pitit ou nan lekòl la ak distri lekòl la avèk yon pwosedi doleyans komite lekòl lokal la adopte.
  • Patisipe nan tout konferans oswa odyans ki gen pou wè ak disiplin pitit ou.
  • Konteste mezi disiplinè yo tankou ekspilsyon, sispansyon oswa lè yo mete pitit ou nan yon lòt kalite pwogram edikasyon, lè li disponib.
  • Patisipe epi bay remak ou nan devlopman règleman ak pwosedi disiplin lekòl la.

1 Lekòl leta yo, tankou lekòl endepandan yo ak lekòl teknik pwofesyonèl yo, gen responsablite legal endepandan anba lwa leta ak lwa federal pou yo paran ak responsab legal elèv ki pa maton nan lang Anglè aksè nan dokiman enpòtan ki konsène edikasyon pitit yo. Pou responsablite distri lekòl la, gade: Tit VI Lwa 1964 sou Dwa Sivil yo, 42 U.S.C §§ 2000d; the Equal Lwa 1974 sou Opòtinite Egalego nan Edikasyon, 20 U.S.C. 1703 (f); M.G.L. c. 76, s. 5; ak 603 CMR 26.02 (2). Gade M.G.L. c. 71, § 37H¾, gade 603 CMR 53.06 konsènan sèvis entèprèt nan yon odyans sou disiplin.

Back to Top

CHAPIT 1 >>

Disiplin nan Lekòl: Premye Repons yon Paran

Yo akize pitit ou kòm yon elèv ki vyole règ yo nan lekòl la. Rete kalm. Antan yon paran, li enpòtan pou kenbe tèt ou klè ak kalm lè w ap pale avèk pitit ou, lekòl la a, ak lòt moun ki konsène yo. Premye etap pou fè se pale avèk pitit ou ak lekòl la pou chèche konnen sa ki te pase a. Li enpòtan pou ou tande pozisyon pitit ou nan istwa a. Pitit ou ka di ou bagay lekòl la pa di ou. Sa ki pi enpòtan ankò, ou kapab itilize konvèsasyon sa a pou montre pitit ou w ap sipòte li, epitou pou diskite sou fason li enpòtan pou pitit ou konpòte li kòmsadwa nan lekòl la.

Ou ka resevwa yon lèt, yon blòk dokiman, oswa menm yon koutfil lekòl la k ap eksplike ou sa ki te pase a. Ou ta dwe chèche konnen si sa lekòl la deklare pitit ou te fè a merite pinisyon ak ki sipò li genyen pou deklarasyon sa a. Ou kapab itilize konvèsasyon sa a tou pou konprann relasyon lekòl la avèk pitit ou – èske lekòl la te disipline pitit ou anvan oswa èske se premye fwa pitit ou gen pwoblèm nan lekòl la?

Pwochen etap la se chèche konnen ki kalite mezi disiplinè lekòl la kapab enpoze. Selon pwoblèm ki lakòz lekòl la disipline pitit ou, pitit ou kapab jwenn anpil kalite konsekans – depi nan pèt privilèj pou yon tan kout pou rive nan sispansyon ak ekspilsyon. Lè vyolasyon an se yon vyolasyon ki pa grav, lwa Massachusetts egzije pou lekòl yo chèche lòt kalite pinisyon parapò ak sispansyon an epitou pou yo itilize esklizyon an kòm yon dènye solisyon. Pou vyolasyon ki pi grav yo, distri lekòl pitit ou ka gen règleman zewo tolerans anplas ki kapab lakòz yo ranvwaye pitit ou imedyatman nan salklas la. Sitiyasyon an ap vin menm pi grav si lapolis arete pitit ou epitou si tribinal jivenil oswa tribinal minisipal vin konsène.

Li enpòtan pou ou konnen dwa pitit ou epitou pou eseye diminye nèt konsekans pinisyon an gen sou edikasyon pitit ou. Chak elèv ki ka jwenn yon sispansyon oswa ekspilsyon, kit se nan lekòl la kit se deyò lekòl la, dwe resevwa opòtinite lekòl la ba li pou li resevwa kredi, epi pou fè devwa ratrapaj, tès, redaksyon, ak lòt travay lekòl la pandan yo ranvwaye elèv la nan salklas la. Nan kèk sikonstans, elèv yo ka gen dwa pou jwenn pi plis chwa edikasyon. Li enpòtan pou ou dinamik nan egzèse dwa sa yo pou pitit ou pa rate opòtinite sa yo.

Dokiman ki endike anba la yo pral ede ou aprann règ ki detèmine konduit elèv la ak règleman ak pwosedi sou disiplin ki anplas nan lekòl la. Lekòl la ka bay pitit ou kopi pou pote lakay li nan kòmansman ane akademik lan. Dokiman sa yo disponib tou depi ou fè demann pou yo nan lekòl la:

  • Kòd Konduit Distri Lekòl la;
  • Manyèl pou Elèv Lekòl la;
  • Plan Prevansyon ak Entèvansyon Distri Lekòl la kont Kraponay.

KISA ZERO TOLERANS YE?

Règleman zero tolerans se règleman lekòl la ki lakòz yo ranvwaye yon elèv nan salklas la san yo pa konsidere entansyon elèv la, istwa disiplin elèv la, jistifikasyon elèv la pou aksyon li yo, pa egzanp si li defann tèt li, oswa lòt faktè ki te ka jwe sou konduit elèv la.

Yon distri lekòl lokal pa gen obligasyon pou adopte règleman zero tolerans. Pa gen lwa federal oswa lwa leta ki egzije yon distri lekòl pou yo adopte yon apwòch zero tolerans nan disiplin lekòl la.

"Pwen enpòtan yon apwòch zewo tolerans nan disiplin lekòl la se pou elimine diskresyon administratè lekòl la.... Règleman zewo tolerans yo kreye tou yon aparans san paspouki kote yo dwe trete tout elèv yo egalego anba règleman an. Men, rezilta final la kapab enjis pou anpil elèv ki arisk epi ki gen vyolasyon ki minè anba sikonstans yo, men elèv ki tonbe kanmenm anba règleman zewo tolerans lan pran nan pyèj epi yo mete li deyò nan lekòl la. Yon fason ki dwòl, dokiman an sijere zewo tolerans pa fè lekòl yo gen plis sekirite toutbon.

Massachusetts Appleseed Center for Law and Justice, Inc. | Keep Kids in Class: Nouvo Apwòch nan Disiplin Lekòl2

Kèk nan konsekans yo enpoze pi souvan pou move konpòtman elèv yo gen nan salklas yo endike anba la a:

  • Pèt privilèj. Lekòl yo ka anile sèten privilèj nan salklas oswa nan lekòl la, tankou rekreyasyon oswa patisipasyon nan yon espò, oswa yo ka egzije pitit ou pou li fè travay siplemantè lekòl la pou li rezoud move konduit li nan salklas la.
  • Kontra pou konpòtman. Yon pwofesè oswa yon administratè lekòl ka bay randevou pou yon reyinyon oswa konferans avèk paran pou kreye yon kontra pou konpòtman pou pitit ou. Lekòl la ka mete anplas tou kominikasyon regilye ant lekòl la ak paran yo pou asire pitit ou satisfè egzijans salklas la pou konpòtman ak pèfòmans akademik li.
  • Retni. Si pitit ou an retni, li ka gen obligasyon pou rete apre lekòl, yo ka mete li an retni nan yon salklas pandan peryòd repa midi, oswa li ka gen obligasyon pou patisipe nan lekòl jou samdi pou fè devwa li.
  • Retni nan lekòl la. Retni nan lekòl la se yon lòt mwayen pou yon sispansyon kout deyò lekòl la. Si pitit ou tapajè, yo kapab ranvwaye li nan salklas regilye a epi yo kapab mete li nan yon salklas apa pou youn oswa plis jou pou li fè devwa salklas li. Lekòl la pa ka toujou bay pitit devwa klas li. Ou ta dwe asire yo toujou bay pitit devwa salklas la pou li pa anreta. Yo pa kapab enpoze sispansyon nan lekòl la pou plis pase dis (10) jou lekòl youn-apre-lòt, oswa pou plis pase dis (10) jou lekòl antou pou anpil vyolasyon li fè pandan ane akademik lan. Si yo mete yon elèv nan sispansyon nan lekòl la pou plis pase dis (10) jou, ki akimile oswa antou pandan ane akademik lan, yo konsidere sispansyon an kòm yon "sispansyon pou anpil tan" pou objektif pwosedi jis, kontestasyon, ak rapòtaj.
  • Egzijans pou fè sèvis nan lekòl la oswa sèvis kominotè. Kòm yon konsekans poutèt pitit ou vyole règ lekòl la, yo ka mete pitit ou nan sèvis lekòl la oswa nan sèvis kominotè. Kèk nan egzanp yo se ranmasaj fatra, netwayaj grafiti, oswa bay èd pou yon pwofesè apre lekòl.
  • Sispansyon deyò lekòl la. Si yo sispann pitit ou, li pa kapab ale nan lekòl la pandan yon sèten peryòd tan, nan ka kote vyolasyon yo pa grav (Seksyon 37H¾) pa ka depase katreven-dis (90) jou lekòl. Sispansyon pou apeprè dis (10) jou lekòl youn-apre-lòt, oswa pou apeprè dis (10) jou lekòl ki akimile pou anpil vyolasyon pandan ane akademik lan konsidere kòm yon "sispansyon pou tan kout". Lekòl la pa ka toujou bay pitit devwa klas li. Ou ta dwe asire yo toujou bay pitit devwa salklas la pou li pa anreta. Nou diskite sou sispansyon deyò lekòl la avèk plis detay anrapò avèk sèten vyolasyon nou diskite annapre nan Gid sa a pou Paran yo. Nan kèk ka, lekòl yo ka sijere pou "ranvwa enfòmèl: kote yo mande paran yo pou kenbe pitit yo lakay yo pou yon peryòd tan kout san okenn mezi disiplinè fòmèl, yon fason pou yo pa mete sa nan dosye lekòl pitit ou. Sa kapab yon bon opòtinite pou paran yo fè yon dyalòg sou angajman lekòl la ak nenpòt difikilte espesifik pitit yo genyen. Men, sa kapab vin yon pwoblèm si sa rive souvan, paske lè pitit ou fè zak la anpil fwa sa sijere lekòl la pa rezoud pwoblèm ki anba-anba yo. Lè yon dosye pa la sa ap fè li difisil pou fè yon lekòl responsab pou pratik disiplinè li yo.
  • Lè Lekòl la Ranvwaye Pitit ou pou voye li nan yon lòt kalite pwogram edikasyon. Nan kèk distri, yo kapab mete pitit ou nan yon lòt kalite pwogram edikasyon lè pitit ou vyole kòd konduit distri a. Dapre Depatman Edikasyon Primè ak Segondè, sa kalifye pou yon sispansyon.3
  • Ekspilsyon. Si yo mete pitit ou deyò lekòl la, li gen entèdiksyon pou li ale nan lekòl regilye pou yon sèten peryòd tan anplis katreven-dis (90) jou yo, oswa nèt, selon vyolasyon an. Nou diskite sou ekspilsyon nan lekòl avèk plis detay anrapò avèk sèten vyolasyon nou diskite annapre nan Gid sa a pou Paran yo.

Anjeneral si ou pa dakò avèk fason distri a oswa lekòl la disipline elèv yo pou sèten vyolasyon, oumenm ak lòt paran ki enterese yo ta dwe pale avèk direktè lekòl la. Si ou kwè règleman zewo tolerans pa efikas, ou kapab fè konnen enkyetid ou nan nivo lekòl la oswa nan nivo distri a. Patisipe nan reyinyon kominote lekòl la lè y ap diskite sou règleman disiplinè yo. Anvizaje pale avèk paran ki gen vizyon komen epitou òganize yon efò pou chanje règleman zewo tolerans lan nan distri lekòl ou. Ou gen dwa tou pou kontakte sipè-entandan lekòl ou oswa manm komite lekòl la pou mande yon reyinyon pou diskite sou enkyetid yo oswa pou rekòmande chanjman nan règleman disiplinè ki nan nivo lekòl la oswa distri a.

Fason pou Toujou Patisipe Lè Yo Disipline Pitit Ou nan Lekòl

Men kèk fason pou paran yo toujou jwenn enfòmasyon ak patisipe yon fason dinamik lè lekòl la disipline yon timoun.

ETAP 1
Rete kalm epi koute pitit ou ak lekòl la.

ETAP 2
Pran enfòmasyon yo nan men pitit ou. Mande pitit ou sa ki te pase a epi kimoun ki te ladan. Itilize okazyon sa a pou chèche konnen si pitit ou santi yo mal konprann li oswa si yo akize li mal. Note sa ou aprann yo.

ETAP 3
Pran nenpòt prèv; fè foto si pitit ou te pran chòk.

ETAP 4
Asire pitit ou santi li an sekirite pou li retounen nan lekòl la apre ensidan an. Si li pa an sekirite, kontakte lekòl la imedyatman epi mande èd pou kreye yon anviwònman ki gen sekirite pou pitit ou.

ETAP 5
Li kòd konduit distri lekòl la ak manyèl lekòl la pou elèv yo. Dokiman sa yo ap eksplike ou règ ki detèmine konpòtman elèv la ak pinisyon yo, metòd disiplin nan, ak dèle enpòtan yo.

ETAP 6
Kontakte lekòl la epi mande tout rapò ensidan yo oswa lòt dokiman ki gen pou wè ak ensidan an ak konduit pitit ou. Sonje ou gen dwa pou dosye edikasyon pitit ou ak dosye li. Ou pa gen dwa pou jwenn dosye edikasyon yon lòt timoun oswa dosye li.

ETAP 7
Mande pitit ou ak pwofesè li yo si li gen pwoblèm pou swiv nan klas la oswa si li gen nenpòt lòt pwoblèm nan lekòl la, tankou kraponay.

ETAP 8
Chèche konnen si lekòl ou angaje pou konsidere lòt kalite mezi parapò ak eksklizyon ak si li gen yon règleman zewo tolerans pou sèten kalite vyolasyon. Ale nan kòd konduit distri pou wè si règleman sa yo endike ladan ansanm avèk enfòmasyon sou si yo konsidere oto-defans, ak istwa disiplin anvan yo pran desizyon disiplinè yo.

ETAP 9
Chèche konnen si vyolasyon ki lakòz lekòl la disipline pitit ou ap vin yon pati nan dosye elèv li – epi si vyolasyon an grav, si lapolis ap arete pitit ou oswa si pitit ou ap gen obligasyon pou li ale nan tribinal.

ETAP 10
Kenbe yon jounal. Ekri non, tit djòb, nimewo telefòn, ak adrès imèl tout moun ou kontakte yo konsènan pwoblèm disiplin pitit ou. Si ou ekri dat ak lè tout konvèsasyon yo sa ap fè kontak pidevan yo vin pi fasil epitou y ap note pwogrè ou.

ETAP 11
SERE TOUT DOKIMAN YO! Konsève tout kominikasyon lekòl la ki alekri ak nan imèl sou ensidan ki lakòz yo disipline pitit ou – tankou nenpòt konferans paran oswa avi pou odyans. Fè kopi nenpòt kominikasyon ou voye ba lekòl la nan imèl oswa sou fòm elektwonik. Konsève tout sa ansanm nan yon sèl klasè pou referans fasil pandan tout pwosesis la.

ETAP 12
Konnen tout dat limit yo. Make dat enpòtan yo nan almannak pou reyinyon yo avèk pwofesè yo, direktè lekòl yo, ak sipè-entandan yo, oswa odyans tribinal yo. Pitit ou ka gen dwa pou mande sèten reyinyon, odyans, oswa kontestasyon – men sèlman nan sèten limit tan.

2 MASS. APPLESEED CTR. FOR LAW & JUSTICE, KEEP KIDS IN CLASS: NOUVO APWÒCH NAN DISIPLIN LEKÒL, 5-6(2011).

3 Dapre Depatman Edikasyon Primè ak Segondè Massachusetts, nan repons li pou kòmantè piblik sou Chapit 222 Lwa 2012 yo, lè yo ranvwaye yon timoun kont volonte li nan lekòl oswa nan pwogram edikasyon kote yo mete li regilyèman apre yon ensidan ki lakòz lekòl la disipline li epi kote yo mete li nan yon lòt kalite pwogram edikasyon, sa kalifye kòm yon sispansyon. Download PDF.

KISA POU fÈ SI...

Pitit ou gen pwoblèm paske li te batay nan lekòl. Pitit ou di li te aji pou defann tèt li lè yon lòt elèv te atake li.

Kisa ou ta dwe fè anvan?

  • Rete kalm.
  • Pale avèk pitit ou. Mande pitit ou pou li eksplike ou sa ki te pase a. Poze li kesyon pou ou kapab byen konprann kijan batay la te kòmanse, epi pran nòt.
  • Mande li si nenpòt nan zanmi li yo oswa lòt elèv te wè sa ki te pase a.
  • Mande pitit ou si yo te rezoud sitiyasyon an pami elèv yo. Èske li santi li an sekirite pou retounen nan lekòl la?
  • Poze pitit ou kesyon sou kilti lekòl la. Pa egzanp, èske gen batay ant elèv yo souvan? Èske anplwaye yo fè atansyon a konpòtman elèv yo oswa èske anplwaye lekòl la fè tankou yo pa konnen pwoblèm yo?
  • Mande pitit ou si li konnen ki mezi disiplinè lekòl la gen entansyon pran. Ou ta dwe resevwa avi alekri ak avi aloral mezi disiplinè lekòl la anvizaje fè a, epitou ou ta dwe resevwa avi pou yon odyans avèk direktè lekòl la, anvan nenpòt sispansyon oswa ekspilsyon vin anvigè.
  • Detèmine si yo te fè yon plent jivenil oswa yon plent kriminèl, oswa si yo ka fè youn, nan tribinal. Si se sa, jwenn yon kopi plent lan epi anvizaje konsilte avèk yon avoka. Dokiman Siplemantè la gen yon lis òganizasyon sèvis legal. Asire ou konnen lè ou dwe ale nan tribinal pou nenpòt odyans tribinal la.
  • Si lekòl la te kontakte ou deja, rele lekòl la pou pran randevou pou yon konferans pou diskite sou batay la. Eseye konprann ki etap lekòl la anvizaje.
  • Si reyinyon ou avèk lekòl la pa pou anpil jou, mande si pitit ou ap jwenn pèmisyon pou patisipe nan klas regilye yo pandan lekòl la ap anvizaje ki mezi disiplinè l ap pran pou batay la. Èske lekòl la voye nan sispansyon nan lekòl la oswa nan sispansyon deyò lekòl la pito?
  • Si lekòl la sispann pitit ou, asire oumenm ak pitit ou mande pwofesè yo nenpòt devwa pitit ou ap bezwen fè pandan peryòd sispansyon an. Tout timoun yo ranvwaye nan salklas la fèt pou resevwa opòtinite pou fè devwa ratrapaj salklas la epitou pou yo ajou avèk pwogram akademik lan.

Back to Top

CHAPIT 2 >>

Reyinyon avèk Lekòl la ak Lè pou Konteste yon Desizyon Disiplin nan Lekòl

Kominikasyon fasil ant paran yo ak lekòl la enpòtan anpil lè yon elèv ap debat avèk pwoblèm konpòtman. Nenpòt kilè, swa oumenm oswa lekòl la kapab pwograme yon reyinyon pou diskite sou pwoblèm sa yo. Li enpòtan pou ou gen objektif ak priyorite ki defini aklè lè w ap rankontre avèk pwofesè yo ak administratè yo pou diskite sou yon afè disiplinè. Objektif ou yo ap diferan nan chak etap pwosesis la, men kenbe pitit ou angaje sou plan edikasyonèl ta dwe objektif prensipal ou yo toutan. Si ou pa pale lang Anglè byen, ou ta dwe mande yon entèprèt.

Lè w ap patisipe nan yon reyinyon oswa nan yon konferans lekòl la sou yon afè disiplinè, li enpòtan pou ou konnen si ou w ap patisipe nan yon odyans sou disiplin. Yon odyans sou disiplin se yon reyinyon fòmèl kote yo diskite sou move konduit grav epitou kote yo konsidere anpil kalite mezi disiplinè. Lekòl yo dwe fè ou ak pitit ou konnen lè y ap pwograme yon odyans sou disiplin epitou yo dwe note efò rezonab yo fè pou yo kontakte ou - paran timoun nan - pou patisipe nan reyinyon an. Nan yon odyans konsa, oumenm ak pitit ou ap gen dwa pou pale sou sikonstans ki lakòz move konduit pitit ou, mezi disiplinè lekòl la pwopoze a, ak lòt kalite pwosesis mezi.

Si ou pa patisipe nan yon konferans oswa odyans sou disiplin, lekòl la ka fè li san prezans ou epi deside kijan pou disipline pitit ou san remak ou.

FASON POU DEFINI OBJEKTIF OU YO

Li enpòtan pou ou gen objektif ak priyorite ki defini aklè lè w ap rankontre avèk pwofesè yo ak administratè yo pou rezoud yon afè disiplinè. Pandan w ap vanse nan pwosesis la, objektif ou yo ka gen ladan youn oswa plis nan sa ki endike anba la yo:

  • Rasanble enfòmasyon yo epi konprann sa lekòl la kwè ki te pase a ak fason pitit ou te mele ladan.
  • Retounen pitit ou nan lekòl la ak nan salklas regilye li san pèdi tan.
  • Mande yon evalyasyon pou sèvis edikasyon espesyal si ou panse konpòtman pitit ou gen pou wè ak yon andikap oswa yon bezwen espesyal. Ou ta dwe fè demann sa a alekri.
  • Pou mande yon lòt kalite pinisyon an parapò ak sispansyon oswa ekspilsyon.
  • Pou anile desizyon disiplin nan.
  • Pou redui kantite tan oswa gravite pinisyon an.
  • Pou negosye yon pinisyon redui pou kapab jwenn chanjman nan konduit pitit ou ak travay deyò salklas la, sèvis kominotè, oswa lòt konsekans ou dakò sou li.
  • Pou diminye nèt konsekans mezi disiplinè a sou etid akademik pitit ou. Pa egzanp, asire pitit ou ap resevwa devwa yo pandan yo sispann li nan lekòl la.
  • Pou pwograme jounen sispansyon yo oswa detansyon yo yon fason pou yo pa an konfli avèk tès oswa lòt travay lekòl la ki difisil pou re-pwograme.
  • Pou modifye yon Pwogram Edikasyon Endividyèl (Individualized Education Program, IEP) si pitit ou deja ap resevwa sèvis edikasyon espesyal.
  • Pou kòmanse pitit ou nan plan sèvis edikasyon si yo mete li deyò nan lekòl la oswa si yo sispann li nan lekòl la pou plis pase dis (10) jou lekòl youn-apre-lòt. Chak lekòl ap gen yon lis opòtinite yo ofri anba plan sèvis edikasyon pa yo. Gade chapit 5 - 7 pou jwenn plis enfòmasyon sou dwa pitit ou pou li resevwa yon lis plan sèvis edikasyon.
  • Pou fè etap pou rezoud oswa evite nenpòt konfli pidevan avèk sèten elèv oswa pwofesè.

FASON POU PLANIFYE POU YON ODYANS SOU DISIPLIN

Jan sa endike nan Chapit 1 an, lè pitit ou gen pwoblèm nan lekòl la, ou dwe resevwa yon envitasyon pou patisipe nan yon premye reyinyon avèk lekòl la pou chèche konnen sa ki te pase a. Si ou pa resevwa envitasyon an, ou ta dwe anvizaje mande pou gen yon reyinyon. Objektif reyinyon sa a ta dwe gen ladan rasanbleman ase enfòmasyon nan lekòl la pou ou kapab konprann ensidan an avèk detay, fason lekòl la kwè pitit ou te mele ladan, ak ki kalite mezi disiplinè yo ka enpoze poutèt sa. Mande direktè lekòl la pou li anvizaje lòt kalite pinisyon parapò ak sispansyon an oswa ekspilsyon an; sa obligatwa dapre règleman konsènan vyolasyon ki pa grav yo.

Nan kèk ka, tankou si yo te ranvwaye pitit ou nan salklas la dapre otorizasyon lekòl la pou ranvwaye elèv la nan lekòl la pou ijans, premye reyinyon sa a ka yon reyinyon fòmèl. Revize rès chapit sa a, ak Chapit 3 tou, pou deside kijan pou konpòte ou nan odyans lan. Nan ka kote yo ranvwaye pitit ou nan lekòl la pou ijans, ou ta dwe asire pitit ou ap kapab ajou avèk travay klas li pandan peryòd yo ranvwaye li nan lekòl la pou ijans lan.

Sonje pou revize Lis Tout Enfòmasyon Paran yo Dwe Genyen nan fen Chapit 4 la pou prepare pou reyinyon sa yo.

LÈ POU KONTESTE YON DESIZYON DISIPLINÈ LEKÒL LA

Si ou rasanble enfòmasyon yo epitou si ou pale avèk pitit ou ak lekòl la, ou kapab pi byen deside si pitit ou ta dwe aksepte konsekans yo pou konduit li oswa si ou ta dwe konteste mezi disiplinè lekòl la. Gen anpil rezon posib ki fè ou ka vle konteste desizyon lekòl la. Lis ki endike anba la a pa yon lis ki konplè men li la pou ede ou reflechi nan pwosesis mezi ki pi pwodiktif oswa ki pi nan avantaj ou lè ou konsidere sikonstans patikilye sitiyasyon pitit ou.

  • Pitit ou inosan.
    Yo kapab mal akize elèv yo, yo kapab mal idantifye elèv yo, oswa yo kapab mal konprann aksyon yo, men li difisil pou demanti yon deklarasyon yon pwofesè oswa administratè fè san temwen oswa lòt prèv ki kore kontrandi pitit ou sou sa ki te pase a. Rekonèt ou pa t wè konduit la te fèt nan lekòl la. Answit poze anpil kesyon pou ede re-konstwi ensidan an epitou pou ede eklèsi fason pitit ou te mele ladan.
  • Konduit pitit ou pa t vyole yon règ lekòl la.
    Lwa Massachusetts egzije distri lekòl yo pou yo mete règleman sou disiplin yo pou sèten kalite vyolasyon nan kòd konduit yo. Anplis egzijans lwa leta, kòd konduit distri lekòl yo ka gen ladan seri règ lekòl la apa avèk yon lis aksyon ki kapab lakòz disiplin. Si lekòl la disipline pitit ou pou konduit li ki pa vyole yon règ lekòl la alekri, atire atansyon lekòl la sou sa.
  • Pitit ou te aji pou defann tèt li; te gen kèk sikonstans espesyal.
    Yo kapab mal konprann aksyon elèv la. Pwofesè yo oswa administratè yo ka pa konnen ki sikonstans ki te lakòz yon ensidan. Li kapab difisil pou demanti deklarasyon yon pwofesè san temwen oswa prèv pou kore kontrandi pitit ou sou sa ki te pase a. Rekonèt ou pa t wè konduit la te fèt nan lekòl la. Poze anpil kesyon pou ede ou konprann kontèks ensidan an. Ede eklèsi fason pitit ou te mele a ak ki sikonstans ki te lakòz aksyon pitit ou.
  • Aplikasyon disiplin yo pwopoze a vyole dwa sivil pitit ou.
    Nan kèk ka, yon lekòl ka enpoze yon pinisyon ki pa valab legalman epi ki pa ta dwe aplike. Pa egzanp, pitit ou itilize yo òdinatè lakay li apre lekòl pou fè konnen nan sitwèb medya sosyal li pa renmen yon sèten pwofesè ditou. Yo rapòte enfòmasyon sa a ba lekòl la epi responsab lekòl la deside sispann pitit ou nan lekòl la. Lekòl la te ka vyole dwa sivil pitit ou, nan egzanp sa a, dwa pou libète lapawòl anba Premye Amannman an.

    Yon distri lekòl ka ezite pou fè konnen yo te vyole dwa sivil pitit ou pandan yo te mitan pwosedi disiplinè yo. Kontinye fè tande enkyetid ou yo pandan pwosedi yo epitou note yo nan yon lèt ou ekri ou voye ba direktè lekòl la ak ba distri lekòl la. Yon tribinal kapab anile yon mezi disiplinè lekòl la ki vyole lalwa oswa tribinal la kapab rejte yon règleman disiplinè ki pini konduit elèv la ki pwoteje anba lwa leta oswa lwa federal.
  • Pinisyon an pa adapte pou sitiyasyon an.
    Yon pinisyon ka sanble twò egzajere. Pa egzanp, fanmi ou te ale nan yon vwayaj kan nan wikenn. Nan dimanch swa, pitit ou ranvwaye tout sa ki te nan sakado li pou li itilize pou lekòl la nan pwochen jou a epi, san li pa wè sa, li kite yon ti kouto Boy Scout li te pote nan vwayaj la nan sakado a. Anba règleman zewo tolerans, pinisyon an ka yon ekspilsyon otomatik poutèt li vini avèk yon kouto nan lekòl la menmsi pitit ou pa gen entansyon fè okenn moun mal.

    Anba Lwa Jeneral Massachusetts, Chapit 71, Seksyon 37H, 37H½, ak 37H¾, distri lekòl la ka jije si li nesesè pou yo pran desizyon disiplinè. Sa vle di responsab lekòl la ka konsidere entansyon yon elèv lè y ap fè yon detèminasyon disiplinè, men yo pa gen obligasyon pou fè sa. Tanpri ale nan Chapit 5 - 8 pou jwenn plis enfòmasyon konsènan sèten vyolasyon lalwa leta detèmine. Li kòd konduit distri lekòl la pou konnen si lekòl la ap konsidere entansyon pitit ou lè y ap pran desizyon sou yon pinisyon. Si kòd konduit lekòl la pa di anyen sou entansyon yon elèv, mande distri lekòl la si y ap konsidere entansyon pitit ou kòm rezon pou enpoze yon mezi disiplinè ki mwen sevè anba sikonstans yo.
  • Yo te idantifye pitit ou yon fason malonèt.
    Rechèch yo toujou ap fè montre yo sispann ak mete deyò elèv ki nan gwoup minoritè yo ak elèv andikape yo yon fason ki pa pwopòsyonèl parapò ak pousantaj yo nan popilasyon jeneral lekòl la - sa ki bay prèv pou diskriminasyon posib nan desizyon lekòl yo pran konsènan disiplin. Men, li kapab difisil pou pwouve diskriminasyon nan yon sitiyasyon endividyèl.

    Si ou panse sa ka rive nan ka pitit ou, li enpòtan pou chèche konnen si yo te disipline lòt timoun yo pou menm konpòtman oswa si yo pini kèk elèv pou konpòtman sa a epi si yo pa pini lòt yo pou sa.4 Dosye disiplin elèv la dwe rete konfidansyèl. Lekòl la pa kapab ba ou aksè nan sèten enfòmasyon sou pinisyon yon lòt elèv. Li ka bon pou ou pale avèk lòt paran yo konsènan eksperyans yo. Si ou deside pale sou afè diskriminasyon an, kòmanse nan nivo lekòl la epi pètèt kontinye nan nivo distri lekòl la:
    • Itilize sèten doe pou kore enkyetid ou yo;
    • Endike aklè ki mezi disiplinè, si genyen,

      ou panse lekòl la ta dwe pran.

    Si ou panse odyans sou disiplin pitit ou nan lekòl la pa t jis akòz diskriminasyon an, li posib pou depoze yon plent nan Biwo pou Dwa Sivil (Office for Civil Rights) Depatman Edikasyon Etazini (U.S. Department of Education) (gade Chapit 4 la ).
  • Lekòl la pa t swiv Pwogram Edikasyon Endividyèl Pitit ou.
    Si pitit ou ap resevwa sèvis edikasyon espesyal, revize IEP a pou detèmine kijan lekòl la dwe rezoud konpòtman pitit ou ak bezwen emosyonèl li. Sa kapab gen ladan Evalyasyon Konpòtman Fonksyonè, yon Plan Entèvansyon pou Konpòtman, ak sèvis sikolojik tankou konsèy pou elèv yo apa ak angwoup.

    Distri lekòl la dwe fè yon Revizyon Detèminasyon Manifestasyon an si lekòl la deside fè mezi disiplinè kont pitit ou epi pou chanje plasman pitit ou pou plis pase dis (10) jou lekòl youn-apre-lòt, pou plis pase dis (10) jou lekòl ki anpile nan yon ane akademik, oswa si te gen yon abitid ki montre yon chanjman nan plasman an. Ekip IEP a ap revize tout enfòmasyon enpòtan ki nan dosye pitit ou, nan men pwofesè ak nan men ou pou yo detèmine si konduit pitit ou te asosye anpil avèk andikap li oswa si se te paske distri lekòl la pa t aplike IEP pitit ou.

    Si ekip IEP a detèmine aksyon pitit ou pa t gen pou wè ak andikap li epi si yo te aplike IEP a kòrèteman (oswa si yo pa t aplike li kòrèkteman men sa pa t lakòz disiplin nan), lè sa a lekòl la ka fè yon odyans regilye sou disiplin nan. Si odyans lan lakòz yo mete pitit ou deyò nan lekòl la, ekip IEP a ka apwouve plasman li nan yon lòt kalite anviwònman. Si sa rive, asire yo satisfè bezwen edikasyonèl ak emosyonèl pitit ou dapre IEP a ak Plan Entèvansyon pou Konpòtman an. Yon lòt kalite plasman nan edikasyon dwe asire pitit ou ap kontinye fè pwogrè pou reyalize objektif IEP li yo epitou pou li resevwa sipò pou konpòtman pozitif ak entèvansyon pou rezoud konpòtman ki te lakòz yo te mete li deyò nan lekòl la.

    Yon konsèy enpòtan: Ou gen dwa pou konteste yon Revizyon Detèminasyon defavorab nan Biwo Kontestasyon Edikasyon Espesyal (Bureau of Special Education Appeals, BSEA). Y ap mete yon kontestasyon konsa sou wout pou gen yon odyans ekspeditif. Ou kapab fè kontestasyon an tou nan BSEA si ou pa kwè pitit ou ap resevwa yon edikasyon apwopriye nan nouvo anviwònman edikasyonèl li.5

    Yo pa kapab ranvwaye pitit ou nan plasman li ye a si ekip IEP a detèmine konduit pitit ou se te yon manifestasyon andikap li, sof si konduit la te gen pou wè ak dwòg, zam, oswa chòk grav nan kò moun. Dokiman Siplemantè la gen ladan yon lis òganizasyon ki ka itil pou ou nan chèche konprann pwoblèm sa yo.
  • Lekòl la pa swiv pwòp règ li yo.
    Nan kèk ka, lekòl la te ka pa swiv pwosedi disiplin ki endike nan pwòp kòd konduit distri lekòl la oswa jan sa obligatwa dapre lwa leta. Egzanp pwoblèm nan pwosedi yo kapab gen ladan avi ki pa kòrèk yo voye ba elèv la oswa ba paran an epitou si yo pa t fè yon odyans pou sispansyon oswa ekspilsyon anvan yo enpoze disiplin nan. Erè nan pwosedi yo sèlman pa p chanje mezi disiplinè a otomatikman. Men, li enpòtan pou ou montre nenpòt erè ba administratè lekòl la pou yo kapab korije erè yo epitou pou yo asire pitit ou jwenn yon odyans san paspouki. Ou ka rezoud erè sa yo nan yon kontestasyon.
  • Lekòl la te mal itilize règleman pou ranvwaye elèv la nan lekòl pou ijans lan.
    Pafwa, lekòl yo ka mal itilize règleman konsènan lè yo ranvwaye elèv la nan lekòl la pou ijans lan. Ranvwa yon elèv pou ijans nan lekòl la pou voye li lakay li oswa nan yon lòt kalite pwogram edikasyon pa ta dwe yon pinisyon nan sa, men yon pwosesis mezi pwovizwa pou pèmèt lekòl la fè vin gen lòd ankò, mennen yon ankèt sou sitiyasyon an, epi detèmine mezi disiplinè ki kòrèk.

    Dapre lwa Massachusetts (603 CMR 5.07), yo ka ranvwaye yon elèv pou yon ti tan nan yon lekòl si elèv la reprezante yon danje pou lòt elèv yo oswa pou administratè lekòl la, oswa si li elèv ap deranje lòd lekòl la anpil, epitou si direktè lekòl la kwè pa gen yon lòt mwayen pou rezoud pwoblèm nan. Men, ranvwa yon elèv pou yon ti tan nan lekòl la pa kapab depase de (2) jou epi yo dwe swiv rè pwosedi ki fikse nan règleman yo (ale nan Chapit 1 pou jwenn plis detay sou pwosedi sa yo). Chak distri lekòl gen règ ak pwosedi siplemantè. Tanpri li kòd konduit distri lekòl ou ak manyèl lekòl la ki bay enfòmasyon pou elèv yo pou konnen kilè ak kijan yo kapab itilize ranvwa pitit ou pou ijans. Li enpòtan anpil pou asire lekòl pitit ou swiv règleman ak règ yo mete anplas pou lekòl la konsènan ranvwa pou ijans.

    Si pa gen yon vrè ijans epi si pitit ou pa reprezante yon danje imedyat, mande lekòl la pou yo kite pitit ou retounen nan klas la pandan w ap rankontre avèk administratè lekòl la pou rezoud pwoblèm nan. Pale avèk pitit ou pou asire li santi li an sekirite anvan li retounen nan lekòl la. Si li pa an sekirite, chita pale avèk lekòl la pou pran mezi apwopriye pou asire sekirite tout moun ki konsène yo.

RANVWA POU IJANS NAN LEKÒL LA

Ka gen ranvwa pou ijans nan lekòl oswa plasman nan lòt kalite pwogram edikasyon lè konduit yon elèv egzije pou lekòl la pran mezi imedyat. Dapre lwa Massachusetts (603 CMR 5.07), yo ka ranvwaye yon elèv pou yon ti tan nan yon lekòl si elèv la reprezante yon danje pou lòt elèv yo oswa pou administratè lekòl la, oswa si li elèv ap deranje lòd lekòl la anpil, epitou si direktè lekòl la kwè pa gen yon lòt mwayen pou rezoud pwoblèm nan. Men, ranvwa pou yon ti tran an pa kapab depase de (2) jou lekòl, apre jou ranvwa a. Pandan de (2) jou sa yo, lekòl la dwe fè yon efò imedyat ak rezonab pou bay paran an ak timoun yon avi aloral pou ranvwa pou ijans lan, ak yon avi alekri annapre ki gen ladan detay vyolasyon ki mande disiplin nan, rezon pou akizasyon an, konsekans posib pou elèv la, ak detay yon odyans kote elèv la ap gen okazyon pou eksplike ensidan an epi pou li demanti akizasyon an. Sof ou dakò sou lòt dèle, odyans lan dwe fèt nan peryòd ranvwa de (2) jou a, epitou yo dwe bay yon desizyon aloral nan menm jou a, epi apre sa yo dwe bay yon desizyon alekri nan jou ki vini apre a. Paran yo gen dwa pou patisipe nan yon odyans ranvwa pou ijans, epitou yo gen dwa pou jwenn yon entèprèt si li nesesè. Yo pa ka aplike yon ranvwa pou ijans sof si yo pran dispozisyon kòmsadwa pou sekirite ak sèvis transpò elèv la.

4 Leta rapòte done sou disiplin – selon ras – pou chak lekòl. Ale sou sitwèb.

5 Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis BSEA, tanpri ale sou sitwèb BSEA ak nan BSEA Pro Se Guide.

Back to Top

CHAPIT 3 >>

Fason pou Chèche Konprann Pwosesis Disiplin nan

Lè ou gen tout done yo, konsidere si ou kwè pitit ou antò epitou si ou kwè lekòl la ta dwe pran mezi disiplinè. Nan yon odyans konsa, oumenm ak pitit ou ap gen dwa pou pale sou sikonstans ki lakòz move konduit pitit ou, mezi disiplinè lekòl la pwopoze a, ak lòt kalite pwosesis mezi. Yon odyans sou disiplin se yon reyinyon fòmèl kote yo diskite sou yon move konduit grav epitou kote yo konsidere anpil kalite mezi. Lekòl yo dwe fè oumenm ak pitit ou konnen lè yo pwograme pou gen yon odyans sou disiplin nan. Mande yon entèprèt si li nesesè. Si ou pa patisipe nan yon konferans oswa odyans sou disiplin, lekòl la ka fè li san prezans ou epi deside kijan pou disipline pitit ou san remak ou.

LÈ OU DAKÒ AVÈK VÈDIK ANTÒ LEKÒL LA AK DESIZYON POU YO PRAN YON MEZI DISIPLINÈ

Menmsi ou dakò avèk vèdik antò lekòl la ak desizyon pou yo pran mezi disiplinè, li enpòtan pou defann pitit ou nan anpil kalite fason.

Si ou kolabore avèk lekòl la sa kapab redui kantite pitit ou ap pase deyò salklas la. Lè ou se paran oswa responsab legal, ou kapab fè lekòl la konnen si ou panse pitit ou te fè espre oswa pa espre pou gen konduit la, epitou si pitit ou te aprann yon leson nan sa. Fè lekòl la konnen ki konsekans ou te enpoze lakay ou. Si pitit ou te vyole kòd konduit distri lekòl la epi si li regrèt sa ki te pase a, anvizaje fè pitit ou prezante eskiz li. Fason sa a ka yon bon posiblite, men, si ou panse yo te ka akize pitit ou pou yon krim, lè sa a ou ka vle konsilte yon avoka anvan ou fè pitit ou di nenpòt bagay sou ensidan an.

Si ou kwè kilti lekòl la fè li pi posib pou ensidan sa yo rive, pale avèk administratè lekòl la sou sa. Mande administratè lekòl la si yo okouran yon pi gwo pwoblèm epitou si yo prepare pou fè chanjman pou rezoud pwoblèm nan.

Menmsi ou dakò pou lekòl la pran mezi apwopriye pou disipline pitit ou, ou ta dwe asosye avèk lekòl la pou asire pitit ou aprann kijan pou ki konpòte li ak kijan pou li kontinye fè pwogrè. Ou ka vle rankontre avèk pwofesè yo, yon konseye lekòl la oswa administratè lekòl la, epitou ou ka vle rankontre avèk yon konseye sou konpòtman si pitit ou gen pwoblèm konpòtman ki grav oswa pi souvan.

Li enpòtan pou ou chita pale avèk lekòl la ak yon espesyalis deyò pou detèmine si se yon andikap pou aprann oswa si se pa sa, si se twoub emosyonèl oswa si se pa sa, oswa si lòt pwoblèm medikal ka gen konsekans sou konpòtman pitit ou. Si ou sispèk pitit ou ka gen yon andikap, ou kapab mande pou yo evalye pitit ou pou edikasyon espesyal nan distri lekòl la nenpòt lè. Sonje pou prezante demann lan ba lekòl la alekri. Si ou pa alèz avèk ritm oswa sipò ou resevwa nan analize sa avèk lekòl lokal ou, kontakte direktè lekòl ou, distri lekòl la, oswa responsab edikasyon espesyal leta. Ou ka vle konsidere pran yon avoka tou ki espesyalize nan edikasyon espesyal pou ede ou pandan pwosesis sa a. Tanpri gade Dokiman Siplemantè li pou jwenn yon lis òganizasyon ki ka ede ou.

Si tès yo montre pitit ou bezwen sèvis edikasyon espesyal oswa lòt aranjman pou edikasyon, ou kapab mande pou lekòl la satisfè bezwen aprantisaj pitit ou. Li enpòtan anpil pou kenbe kontak sere avèk ekip lekòl la pou asire nenpòt nouvo aranjman ap gen efè pozitif sible yo sou aprantisaj ak konpòtman pitit ou.

LÈ OU DAKÒ PITIT OU ANTÒ MEN OU PA DAKÒ AVÈK MEZI DISIPLINÈ LEKÒL LA PWOPOZE A

Si ou dakò pou lekòl la ta dwe pini pitit ou, men ou pa dakò avèk mezi disiplinè lekòl la pwopoze a, ou kapab mande administratè lekòl la si yo pral diskite sou lòt kalite mezi disiplinè avèk ou. Sonje lalwa egzije pou yo itilize sispansyon pou anpil tan kòm yon dènye solisyon pou elèv ki fè yon vyolasyon ki pa grav. Pou vyolasyon ki grav yo, kèk distri lekòl ka toujou gen règleman zewo tolerans ki endike konsekans sevè, alòske lòt distri lekòl yo pèmèt administratè lekòl yo itilize jijman yo pou deside ki mezi disiplinè yo dwe pran.

Malgre sa, li enpòtan anpil pou ou patisipe nan nenpòt reyinyon lekòl la mande, nan nenpòt konferans lekòl la egzije, oswa nan nenpòt odyans sou esklizyon pou asire disiplin lekòl la enpoze a se yon disiplin ki jis ak nan pi bon enterè pitit ou. Nan reyinyon, konferans oswa odyans sa yo:

  • Rete kalm.
  • Koute sa reprezantan lekòl la gen pou di sou ensidan ki mande disiplin nan.
  • Prezante dokiman sipò yo. Sa ka gen ladan yon lèt eskiz pitit ou ekri si li apwopriye (epi depi sa pa prale nan tribinal, nan ka kote ou ka vle konseye pitit ou pou li pa di anyen jouk lè ou kontakte yon avoka).
  • Analize epi sijere lòt posiblite yo parapò ak apwòch disiplinè administratè lekòl la.
  • Si administratè lekòl la ensiste pou li itilize yon apwòch zewo tolerans, fè yo sonje pa gen lwa federal ni lwa leta ki egzije yo pou fè sa. Si konduit la se pa yon vyolasyon ki grav, fè administratè yo sonje lwa leta egzije yo pou konsidere lòt kalite disiplin parapò ak sispansyon an.
  • Fè yon akò sou bezwen edikasyon pitit ou. Idantifye fason yo pral satisfè bezwen pitit ou pandan peryòd disiplin nan ak fason pitit ou kapab retounen nan salklas la san pèdi tan. Ale nan Dokiman Siplemantè la pou jwenn yon apèsi sou afè legal ki konsène fason pou yo disipline yon elèv ki andikape.
  • Toujou gen kontak regilye avèk pwofesè yo konsènan konduit ak pèfòmans akademik pitit ou nan salklas regilye a oswa nan yon lòt kalite plasman. Pa egzanp, travay avèk lekòl la pou idantifye yon moun pou kontakte pou ba ou dènye enfòmasyon yo souvan. Pwograme sèten lè pou resevwa dènye enfòmasyon sa yo nan reyinyon oswa nan telefòn.

SI OU DESIDE KONTESTE YON DESIZYON DISIPLINÈ LEKÒL LA

Si ou deside konteste yon desizyon disiplinè lekòl la, sonje pou toujou kominike avèk administratè lekòl la ki konsène yo. Ekri rezon ki fè w ap konteste disiplin lekòl la pwopoze pou pitit ou epitou deside sa rezilta ou pi pito a ta ye. Li enpòtan anpil pou ou patisipe nan tout reyinyon yo, konferans sou disiplin yo oswa odyans yo. Nan sitiyasyon sa yo:

  • Rete kalm.
  • Kite reprezantan lekòl la prezante pozisyon yo anvan. Ou ka aprann nouvo enfòmasyon.
  • Endike aklè rezon ki fè ou pa dakò ak rezilta ou pi pito pou pitit ou. Prezante rezònman ki pi konvenkan yo anvan pou kore yon apwòch disiplinè ou kwè k ap pi byen satisfè bezwen edikasyonèl ak emosyonèl pitit ou. Pa bay twòp detay.
  • Si administratè lekòl la ensiste pou li itilize yon apwòch zewo tolerans, fè yo sonje pa gen lwa federal ni lwa leta ki egzije yo pou fè sa. Si konduit la se pa yon vyolasyon ki grav, fè administratè yo sonje lwa leta egzije yo pou konsidere lòt kalite disiplin parapò ak sispansyon an.
  • Analize epi prezante posiblite pou apwòch lekòl la. Pa egzanp, mande yon "kontra pou konpòtman" pou pitit ou oswa mande yon lòt kalite disiplin parapò ak esklizyon lekòl la pou evite fè konsekans konduit pitit ou vin grav pou yon plasman disiplinè deyò salklas la. Kòd konduit distri lekòl la ka endike lòt kalite disiplin ou kapab konsidere. Asire diredtan yo rezonab ak fasil pou reyalize pou pitit ou.
  • Toujou chèche enfòmasyon sou konduit pitit ou ak sou pèfòmans akademik li na salklas regilye a oswa nan yon lòt kalite plasman. Anvizaje travay avèk lekòl la pou idantifye yon moun pou kontakte pou ba ou dènye enfòmasyon yo souvan. Pwograme sèten lè pou resevwa dènye enfòmasyon sa yo nan reyinyon oswa nan telefòn.
  • Poze direktè lekòl ou oswa pwofesè a kesyon sou pwosesis pou konteste desizyon disiplinè yo nan distri lekòl ou. Menmsi lwa leta egzije yon pwosesis kontestasyon pou sèten esklizyon, distri lekòl lokal yo fikse pwòp pwosedi yo pou konteste lòt mezi disiplinè yo. Pwosesis kontestasyon an ta dwe endike nan kòd konduit distri lekòl la. Li enpòtan pou chita pale avèk distri lekòl la pou wè ki posiblite ki disponib pou ou pou fè kontestasyon an.

PINISYON KÒPORÈL6

Lalwa entèdi pinisyon kòporèl sou elèv yo nan Massachusetts. Dapre Chapit 71, Seksyon 37G Lwa Jeneral Massachusetts, "pouvwa komite lekòl oswa nenpòt pwofesè oswa nenpòt lòt anplwaye oswa ajan komite lekòl la pou kenbe disiplin nan pwopriyete lekòl la pa dwe gen ladan dwa pou bay pinisyon kòporèl sou okenn elèv."7

Sizoka gen nenpòt pinisyon kòporèl, ou ka vle kontakte depatman lapolis lokal ou. Si pinisyon kòporèl yo fè sou pitit ou nan lekòl la lakòz pitit ou pran yon chòk, ou ka vle wè mennen pitit ou wè yon doktè oswa ou ka vle mennen pitit ou nan yon saldijans. Sonje pou note rezilta yo. Ou ka vle fè foto chòk la, epitou ou ka vle mande doktè a pou li rapòte chòk la ba ajans pwoteksyon timoun lokal ou.

Pou jwenn plis resous sou fason pou pran mezi kont pinisyon kòporèl, tanpri ale sou sitwèb Center for Effective Discipline. Ale tou nan rapò Human Rights Watch, American Civil Liberties Union, ki rele A Violent Education: Corporal Punishment of Children in U.S. Public Schools (Yon Edikasyon Vyolan: Pinisyon Kòporèl Timoun an Lekòl Leta Etazini) (2008), www.hrw.org.

Sous: Alice Farmer, Neier Fellow ACLU / Human Rights Watch

6 Restriksyon ak izòlman se yon domèn sijè separe ak apa avèk disiplin ak pinisyon kòporèl. Anpil règleman federal ak règleman leta detèmine kijan pou yo itilize restriksyon ak izòlman. Depatman Edikasyon Primè ak Segondè Massachusetts gen règ sou restriksyon pou lekòl leta ki aksepte restriksyon fizik "sèlman nan sitiyasyon ijans, apre lòt kalite disiplin mwen pèsistan pa efikas oswa si lekòl yo kwè yo pa apwopriye." Restriksyon Fizik, 603 C.M.R. § 46.01 (2011). Yo itilize restriksyon fizik "pou pwoteje yon elèv ak/oswa yon manm kominote lekòl la kont domaj ki pral fèt, domaj grav oswa domaj fizik epi pou evite oswa diminye nèt nenpòt domaj sou elèv la akòz itilizasyon restriksyon fizik la." Id. Disability Law Center of Massachusetts angaje pou redui oswa elimine itilizasyon restriksyon ak izòlman nan lekòl prive ak lekòl leta k ap sèvi moun andikape yo. Anvizaje kontakte Disability Law Center of Massachusetts si ou panse ou te mete restriksyon fizik sou pitit ou yon fason ilegal. Enfòmasyon pou kontakte yo endike nan paj Resous ki nan Dokiman Siplemantè la.

7 LWA. JENERAL MASSACHUSETTS ch. 71, § 37G (2011).

Back to Top

CHAPIT 4 >>

Fason pou Konteste yon Desizyon Disiplin nan Lekòl

Si ou pa dakò avèk desizyon lekòl la pou disipline pitit ou, oswa avèk mezi disiplinè yo te pran an, ou ka gen dwa pou fè yon kontestasyon. Sa ap depannde konduit pitit ou; kalite mezi disiplinè lekòl la pran an; epi, nan kèk ka, sa depannde règleman lekòl la. Si ou pa gen dwa pou fè kontestasyon an, ka gen lòt pwosedi doleyans ou kapab swiv. Chapit sa a bay ti enfòmasyon sou chwa sa yo.

DWA POU KONTESTE

Si ou pa dakò avèk yon desizyon disiplin lekòl la pran, ou ka gen dwa pou konteste. Lwa leta garanti yon pwosesis kontestasyon pou esklizyon lekòl yo enpoze pou sèten kalite konduit. Nan lòt ka yo, pwosedi kontestasyon yo pa menm pami lekòl yo. Li kòd konduit distri lekòl la pou nenpòt pwosedi kontestasyon ki ka anplas nan lekòl pitit ou. Nan kèk distri, ou kapab konteste desizyon yon direktè lekòl devan sipè-entandan an; nan lòt distri yo, desizyon direktè lekòl la final. Lè w ap chèche konprann pwosesis kontestasyon an, li enpòtan pou chèche konnen kimoun ki pran desizyon final la pou disipline pitit ou.

Si w ap konteste yon esklizyon ki long nan lekòl la pou yon konduit grav, ou ka vle konsilte yon defansè edikasyon oswa yon avoka ki byen konnen pwosedi disiplin lekòl la. Nou bay yon lis resous ki disponib nan Dokiman Siplemantè la.

Chapit 5 – 8 Gid sa a pou Paran yo pral ede ou detèmine si ou gen dwa pou fè yon kontestasyon nan sikonstans patikilye ka pitit ou epitou pou bay enfòmasyon enpòtan sou pwosesis kontestasyon an. Li chapit ki aplike nan kategori move konduit pitit ou. Si ou anvizaje yon kontestasyon, li enpòtan anpil pou note dat limit pou fè pwosesis sa a.

PWOSEDI DOLEYANS LEKÒL

Nan kèk distri, kòd konduit distri lekòl la ka bay yon elèv dwa pou li depoze yon doleyans konsènan desizyon disiplin yo lè pa gen lòt dwa fòmèl ki disponib.

Tanpri li kòd konduit distri lekòl ou pou konnen si sa se yon posiblite nan distri pitit ou. Si se sa, epi si ou deside depoze yon doleyans, swiv nenpòt pwosedi ki endike nan kòd konduit distri lekòl la.

FASON POU DEPOZE YON PLENT NAN DEPATMAN EDIKASYON PRIMÈ AK SEGONDÈ MASSACHUSETTS

Depatman Edikasyon Primè ak Segondè (Department of Elementary and Secondary Education, DESE) Massachusetts disponib pou ede moun yo ak distri lekòl la rezoud pwoblèm yo san pèdi tan. Sistèm Rezolisyon Pwoblèm (Problem Resolution System, PRS) se pwosesis DESE pou rezoud plent yo nan piblik la sou dwa elèv yo pou edikasyon ak kondisyon legal pou edikasyon. DESE gen otorizasyon pou rezoud yon plent (1) sou pwogram edikasyon jeneral regilye yon elèv; oswa (2) sou yon kondisyon pou edikasyon espesyal yo te vyole. DESE ankouraje paran yo toutbon pou yo fè efò pou yo rezoud konfli yo nan nivo lokal anvan yo depoze yon plent nan DESE.

Tanpri ale sou sitwèb DESE pou jwenn plis enfòmasyon konsènan Sèvis Asirans Kalite Pwogram (Program Quality Assurance, PQA) ak PRS. Ou la rele nimewo (781) 338-3700 tou oswa ou ka voye yon imèl ba ekip DESE (compliance@doe.mass.edu).

FASON POU DEPOZE YON PLENT NAN BIWO POU DWA SIVIL

Si ou kwè yo te fè diskriminasyon kont pitit ou akòz ras li, koulè li, peyi kote li soti, sèks li, preferans seksyèl li, andikap li, oswa laj li, ou kapab kontakte Biwo pou Dwa Sivil (Office for Civil Rights, OCR) Depatman Edikasyon Etazini. Anjeneral, OCR rekòmande pou paran yo eseye rezoud sitiyasyon an anvan nan nivo lekòl la, epi answit avèk sipè-entandan an nan nivo distri a. Men, ou pa gen obligasyon pou depoze yon plent nan lekòl la oswa nan distri a anvan ou depoze yon plent nan OCR.

Ou dwe depoze yon plent nan OCR nan san katreven (180) jou almannak apre dat ou sipoze lekòl la te fè diskriminasyon kont pitit ou. OCR p ap pran dosye ou si yon lòt ajans deja ap rezoud plent ou oswa si plent ou nan pwosedi doleyans fòmèl lekòl la epitou si OCR prevwa ou pral resevwa yon pwosesis rezolisyon ki konparab avèk pwosesis rezolisyon OCR. Lè yo fini pwosesis plent lan, ou gen swasant (60) jou pou re-depoze yon plent nan OCR.

Ou kapab jwenn plis enfòmasyon ak fòm plent lan sou entènèt sou sitwèb.

Back to Top

LIS TOUT ENFÒMASYON YON PARAN DWE GENYEN >>

Etap pou Fè Lè yo Disipline Pitit Mwen nan Lekòl

  1. Rete kalm epi eseye gen yon konpòtman diplomat.
  2. Rasanble tout enfòmasyon enpòtan yo - pran nòt nan konvèsasyon yo avèk pitit ou, temwen yo, pwofesè yo, ak konseye yo.
  3. Mande pitit ou si ensidan ki te lakòz li tonbe anba mezi disiplinè a rezoud epitou si pitit ou santi li an sekirite pou li retounen nan lekòl l
  4. Li kòd konduit distri lekòl la ak manyèl lekòl la bay pou elèv yo pou konnen ki konsekans (tankou ranvwa nan lekòl la) pitit ou kapab jwenn poutèt li vyole règ lekòl la pou konpòtman elèv yo.
  5. Tcheke kòd konduit distri lekòl la pou nenpòt kote ou wè yon apwòch "zewo tolerans" lekòl la adopte pou aplike disiplin nan pou kèk vyolasyon oswa pou tout vyolasyon yo.
  6. Chèche konnen si y ap konsidere oto-defans, entansyon, ak istwa disiplin lè lekòl la ap deside si pou yo disipline yon elèv. Sa ta dwe endike nan kòd konduit lekòl la.
  7. Si pitit ou ap resevwa sèvis edikasyon espesyal, chèche jwenn yon kopi Plan Edikasyon Endividyalize (Individualized Education Plan, IEP) li pou wè si plan an pale kòmsadwa sou bezwen aprantisaj ak konpòtman pitit ou. Detèmine si lè yo pa swiv IEP a sa ap lakòz pwoblèm konpòtman pitit ou.
  8. Rankontre avèk yon administratè oswa pwofesè ki konsène pou diskite sou sitiyasyon disiplinè a.
  9. Prezan epi rive alè pou nenpòt konferans lekòl la ak pou odyans disiplinè ki pwograme. Sonje pou toujou pran nòt.
  10. Si ou dakò avèk mezi disiplinè lekòl apwopriye lekòl la pran an, pale avèk direktè a ak pwofesè a sou fason pou kore desizyon an lakay ou.
  11. Si ou pa dakò avèk mezi disiplinè lekòl la pran kont pitit ou, li kòd konduit distri lekòl la pou pwosedi kontestasyon an.
  12. Poze administratè a kesyon sou chwa edikasyon pitit ou pandan yo mete li deyò nan lekòl la. Lekòl yo gen obligasyon pou yo kontinye bay sèvis edikasyon pou elèv yo mete deyò pou plis pase dis (10) jou lekòl. Kèlkeswa lè yon lekòl ranvwaye yon timoun nan salklas la pou mezi disiplinè, lekòl la dwe bay omwen yon okazyon pou timoun nan fè devwa li rate yo, tankou kwiz yo ak tès yo.
  13. Si lapolis arete pitit ou nan lekòl la oswa si gen papye pou prezante nan tribinal apre, epi si li dwe ale nan tribinal, li dwe prezan epi alè pou nenpòt konparisyon nan tribinal la. Fè tribinal la konnen nenpòt sikonstans ki ta afekte kalandriye yo bay pou peye yon amann oswa pou pitit ou fè sèvis kominotè. Anvizaje pran yon avoka pou reprezante pitit ou.
  14. Li seksyon resous ki nan gid sa a si ou bezwen kontakte yon avoka edikasyon, yon sant èd legal, oswa pou jwenn plis enfòmasyon.

Back to Top

CHAPIT 5 >>

Sispansyon pou Vyolasyon ki Pa Grav

W ap jwenn estrikti disiplinè pou vyolasyon ki pa grav yo nan Lwa Jeneral Massachusetts, Chapit 71, Seksyon 37H¾. Vyolasyon sa yo, ki defini nan règleman yo kòm "Vyolasyon Disiplinè," gen ladan yo nenpòt vyolasyon disiplinè ki pa: posesyon yon zam danjere, posesyon yon sibstans kontwole, atak sou anplwaye edikasyon, oswa lè yo akize oswa jwenn yon elèv koupab pou yon krim nan yon tribinal kriminèl adilt oswa nan tribinal delenkans jivenil.

MEZI DISIPLINÈ A

Mezi disiplinè ki pi grav yon lekòl ka enpoze pou yon vyolasyon ki pa grav se yon sispansyon nan lekòl la. Yon sispansyon ka dire yon tan kout oswa yon tan long, epitou elèv la ka sèvis sispansyon li nan lekòl la oswa deyò lekòl la selon jijman direktè lekòl la.

Yon sispansyon pou tan kout se lè yo mete yon elèv deyò nan lokal lekòl la pou yon peryòd ki pa depase dis (10) jou lekòl youn-apre-lòt (oswa pou apeprè dis (10) jou lekòl ki akimile pou anpil vyolasyon disiplinè nan nenpòt ane akademik).

Yon sispansyon pou yon tan ki long se lè yo mete yon elèv deyò nan lokal lekòl la pou yon peryòd tan ki pi plis pase dis (10) jou lekòl men pa plis pase katreven-dis (90) jou lekòl.

Yon lekòl pa ka sispann yon elèv pou youn oswa plis vyolasyon ki pa grav pou plis pase katreven-dis (90) jou lekòl kimilatif nan yon ane akademik. Answit, yon sispansyon pou yon tan ki long pa ka depase fen ane akademik yo enpoze li a. Esklizyon nan patisipasyon nan aktivite ki pa nan pwogram akademik yo ak nan evènman lekòl la sipòte, ki pa lakòz esklizyon nan salklas la, pa konte kòm sispansyon lè y ap kalkile kantite jou lekòl la yo te sispann yon elèv.

Si pitit ou gen posiblite pou yo sispann li pou yon tan kout, lè sa a direktè lekòl la, selon jijman li, ka itilize sispansyon nan lekòl la kòm yon lòt mezi disiplinè. Anjeneral, li ka bon pou kenbe pitit ou nan lekòl la, menmsi yo ranvwaye li nan salklas la, poutèt sa asire ou defann lòt posiblite sa a pandan odyans pitit ou.

PWOSESIS DISIPLIN NAN

Sispansyon nan Lekòl: Si direktè lekòl la deside enpoze yon sispansyon pou yon tan kout nan lekòl la, pitit ou pa gen dwa anba lwa leta pou konteste akizasyon yo nan yon odyans. Men, ou ta dwe tcheke règleman lekòl pitit ou pou detèmine si pitit ou gen yon dwa konsa anba règleman lekòl la. Esklizyon yon timoun nan salklas la pou nenpòt peryòd tan kapab pa bon ditou epi ou ta dwe evite sa si tout bagay posib. Kèlkeswa si pitit ou gen yon dwa pou yon odyans, ou ta dwe resevwa avi alekri sou desizyon direktè lekòl la pou sispann pitit ou.

Sispansyon Deyò Lekòl la: Anvan lekòl la kapab enpoze yon sispansyon deyò lekòl la, yo dwe fè ou ak pitit ou konnen aloral ak alekri akizasyon yo ak rezon yo pou sispansyon an. Lekòl la dwe bay elèv la yon opòtinite pou yon odyans sou akizasyon y, epitou paran yo oswa responsab legal yo dwe jwenn opòtinite pou patisipe nan odyans lan. Direktè lekòl la dwe fè efò ki rezonab pou fè paran an konnen opòtinite sa a aloral. Avi alekri sou odyans lan fèt pou nan lang Anglè ak nan lang natifnatal lakay elèv la, si se pa Anglè. Avi a dwe idantifye pou ki vyolasyon yo akize pitit ou, rezon pou akizasyon an, ak konsekans posib yo, tankou dire posib tan lekòl la ka sispann pitit ou. Pandan odyans lan, oumenm ak pitit ou ap gen opòtinite pou defann yon pinisyon apwopriye. Sonje pou pran tan pou diskite avèk pitit ou sou sa ki te pase toutbon ki te lakòz vyolasyon an. Ale nan Chapit 1 – 3 Gid sa a pou Paran yo, ak nan Lis Tout Enfòmasyon Paran yo Dwe Genyen nan fen Chapit 4, pou prepare pou odyans lan.

Si pitit ou anba posiblite pou lekòl la sispann li pou plis pase dis (10) jou youn-apre-lòt oswa pou yon peryòd kimilatif ki plis pase dis (10) jou lekòl nan ane akademik la pou anpil vyolasyon, li gen dwa ki endike anba la yo:

  • Pou revize dosye elèv li anvan odyans lan, ak dokiman direktè lekòl la ka depannde yo pou fè yon detèminasyon pou sispann li oswa pou pa sispann lan;
  • Pou yon avoka oswa yon moun pwofàn li chwazi reprezante li, sou depans elèv la oswa sou depans paran li;
  • Pou vini avèk temwen epi pou prezante eksplikasyon li sou ensidan yo sipoze a;
  • Pou kont-entèwoje temwen distri lekòl la prezante yo; epi
  • Pou mande pou yo anrejistre odyans lan epitou pou li resevwa yon kopi anrejistreman an.

Elèv ki anba yon posib sispansyon pou mwens pase dis (10) jou lekòl la pa gen menm dwa sa yo pou yo konteste. Ou ta dwe tcheke règleman ak pwosedi lekòl la pou konnen ki lòt dwa, si genyen, pitit ou ka genyen nan sikonstans sa yo dapre règ lekòl lokal la.

Si direktè lekòl la deside sispann pitit ou, lè sa a oumenm ak pitit ou ta dwe resevwa yon avi alekri sou desizyon an ("Avi pou Sispansyon"). Si sispansyon an se pou plis pase dis (10) jou lekòl, oumenm ak pitit ou ta dwe resevwa avi alekri sou dwa pou konteste desizyon an tou devan sipè-entandan an ak pwosesis pou fè sa. Lekòl la ap sispann pitit ou pandan y ap tann yon desizyon.

Kèlkeswa pou kantite tan lekòl la sispann pitit ou, lwa Massachusetts egzije pou direktè lekòl la fè ou ak pitit ou konnen opòtinite pou fè devwa ratrapaj yo ak lòt travay lekòl la pandan lekòl la ranvwaye li nan salklas la. Si lekòl la mete pitit ou deyò pou plis pase dis (10) jou, lekòl la ta dwe ba pitit ou opòtinite pou li resevwa sèvis edikasyon. Nan ka sa a, Avi pou Sispansyon an dwe gen ladan yon lis sèvis edikasyon espesyal ki disponib pou elèv la ak enfòmasyon pou li kontakte yon manm distri lekòl la ki kapab bay plis enfòmasyon detaye. Pou jwenn plis enfòmasyon sou lòt kalite sèvis edikasyon, gade seksyon ki gen tit "Fason pou kenbe pitit ou angaje nan edikasyon" nan chapit sa a, anba a.

DEFINISYON YO

"Sispansyon pou yon Tan Kout" vle di esklizyon deyò lekòl la nan salklas regilye elèv la pou yon peryòd ki pa depase dis (10) jou lekòl youn-apre-lòt (oswa pou apeprè dis (10) jou lekòl ki akimile pou anpil vyolasyon disiplinè nan nenpòt ane akademik.

"Sispansyon pou Tan Long" vle di esklizyon nan lokal lekòl la pou yon peryòd tan ki pi plis pase dis (10) jou lekòl men pa plis pase katreven-dis (90) jou lekòl.

"Ekspilsyon" vle di eksklizyon nan lokal lekòl la pou plis pase katreven-dis (90) jou lekòl nan yon ane akademik.

Yo pa ka mete yon timoun deyò nan lekòl la pou yon vyolasyon ki pa grav.

PWOSESIS POU FÈ YON KONTESTASYON

Si lekòl la eskli pitit ou deyò nan lekòl la pou plis pase dis (10) jou lekòl, pitit ou gen dwa pou konteste desizyon an devan sipè-entandan an.

Pou konteste desizyon an, oumenm ak pitit ou dwe fè sipè-entandan an konnen alekri nan senk (5) jou almannak apati dat esklizyon ou mande pou konteste a anvigè. Ou kapab mande yon pwolongasyon pou kontestasyon an pou apeprè sèt (7) lòt jou almannak. Sipè-entandan an dwe fè yon odyans nan twa (3) jou lekòl apre li resevwa demann pou kontestasyon an. Nan odyans lan, pitit ou gen dwa pou li prezante temwayaj, temwen, oswa prèv ki anfavè li, epitou li gen dwa pou yon avoka prezan. Sipè-entandan an dwe pran yon desizyon nan senk (5) jou almannak apre odyans lan.

Sipè-entandan an ka anile oswa modifye desizyon direktè lekòl la. Desizyon sipè-entandan an se yon desizyon ki final. Li enpòtan pou ou ak pitit ou prepare pou odyans lan epi pou konsilte yon avoka si li posib.

SÈVIS EDIKASYON PANDAN YON ESKLIZYON NAN LEKÒL LA

Lwa Massachusetts egzije lekòl yo pou yo kontinye bay sèvis edikasyon pou elèv yo mete deyò oswa yo sispann pou plis pase dis (10) jou lekòl, kèlkeswa vyolasyon an. Elèv ki ka anba yon sispansyon pou yon tan kout gen dwa pou fè travay ratrapaj yo rate, tankou nenpòt kwiz oswa tès.

Poze direktè lekòl la kesyon sou sèvis edikasyon sa yo epitou li kòd konduit distri lekòl ou, oswa pale avèk yon administratè lekòl la pou konnen plis enfòmasyon. Plan pou sèvis edikasyon an ka gen ladan leson patikilye, lòt kalite plasman, lekòl jou samdi, ak aprantisaj sou entènèt oswa adistans. Si yo mete yon elèv deyò nan lekòl pou plis pase dis (10) jou lekòl, elèv sa a oswa paran li dwe resevwa yon lis plan pou sèvis edikasyon posib. Ou ta dwe mande lis sa a si ou pa resevwa youn.

Si ou al viv nan yon lòt distri pandan peryòd sispansyon pitit oswa ekspilsyon pitit ou, nouvo distri lekòl la dwe enskri pitit ou epitou yo dwe kite li retounen nan salklas la oswa yo dwe ba li sèvis edikasyon anvan yon plan pou sèvis edikasyon.

Men kèk bagay enpòtan pou sonje:

  • Prepare ou pou tout odyans disiplinè yo epi patisipe ladan yo.
  • Entèvni pou pitit ou.
  • Anvizaje konteste yon desizyon yo pran pou mete pitit ou deyò nan lekòl la, sitou nan ka esklizyon pou anpil tan.
  • Asire pitit ou ap kapab fè devwa ratrapaj lekòl la epitou pou li kontinye avèk klas li pandan nenpòt peryòd esklizyon.

ELÈV K AP RESEVWA SÈVIS EDIKASYON ESPESYAL OSWA KI KALIFYE POU SA

Lwa sou Edikasyon Moun Andikape (Individuals with Disabilities Education Act, IDEA) bay pwoteksyon pwosedi jis siplemantè nan pwosedi disiplin kont elèv k ap resevwa sèvis edikasyon espesyal oswa ki kalifye pou sa, si lekòl la te gen yon rezon anvan pou konnen elèv la gen yon andikap.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou disiplin ak pwosedi jis pou elèv ki nan edikasyon espesyal, oswa si pitit ou pa resevwa sèvis edikasyon espesyal oswa aranjman pou yon andikap men ou panse li yo ta dwe evalye li, tanpri li seksyon Dokiman Siplemantè ki gen tit Sèvis Edikasyon Espesyal.

KISA POU fÈ SI...

Pitit ou nan pwoblèm poutèt li montre kamarad klas li yo li gen yon zam imajinè pandan l ap jwe jwèt videyo tankou son zam k ap tire. Lekòl la di pitit ou te menase kamarad klas li yo epi li merite jwenn yon sispansyon pou yon tan long.

Kisa ou ta dwe fè?

  • Rete kalm.
  • Pale avèk pitit ou epi chèche konnen sa ki te pase a. Si li apwopriye (epi depi pa gen chans pou pitit ou oblije ale nan tribinal), fè pitit ou prepare ak remèt yon lèt eskiz ba kamarad klas li yo.
  • Li kòd konduit distri lekòl la pou detèmine si lekòl la gen nenpòt jijman pou yo detèmine si yo ta dwe sispann pitit ou.
  • Si direktè lekòl la gen jijman, mande yon reyinyon pou diskite sou lòt posiblite parapò ak sispansyon an.
  • Si direktè lekòl la ensiste pou gen yon odyans fòmèl, chèche konnen kilè lekòl la gen entansyon pou fè odyans pou sispansyon an. Planifye pou patisipe nan odyans lan avèk pitit ou.
  • Asire ou prepare. Mande pitit ou pou li prezante eskiz li epitou pou li eksplike konpòtman li. Rasanble nenpòt prèv ki anfavè pitit ou pou sipòte pitit ou pou prezante nan odyans lan.
  • Ou ka enfliyanse rezilta a si ou kapab montre pitit ou se yon bon elèv, li pa t janm nan pwoblèm anvan, oswa li merite yon lòt chans anvan lekòl la sispann li.
  • Si direktè lekòl la ensiste pou eskli pitit ou nan salklas la pou yon peryòd tan, defann yon sispansyon pou yon tan kout, epi si li posib, yon sispansyon nan lekòl la.
  • Asire pitit ou ap kapab kontinye avèk travay lekòl la pandan nenpòt peryòd sispansyon nan lekòl la oswa deyò lekòl la.
  • Si yo bay pitit ou yon sispansyon pou anpil tan, depoze yon kontestasyon devan sipè-entandan an anvan dèle ki obligatwa a. Anmenmtan, asire ou resevwa yon lis plan pou sèvis edikasyon pou pitit ou kapab kontinye fè pwogrè nan edikasyon pandan peryòd sispansyon an.

Back to Top

CHAPIT 6 >>

Sispansyon ak Esklizyon pou Vyolasyon ki Grav

Lwa Massachusetts egzije distri lekòl yo pou yo swiv sèten règleman ak pwosedi lè y ap disipline yon elèv pou vyolasyon grav sa yo: posesyon zam danjere, posesyon sibstans kontwole, oswa atak sou anplwaye lekòl. Vyolasyon grav sa yo ak règleman ki akonpaye yo eksplike avèk detay anba la a.

VYOLASYON KI GRAV

Anba Lwa Jeneral Massachusetts, Chapit 71, Seksyon 37H, elèv ki fè vyolasyon ki endike anba la yo nan lokal lekòl la oswa nan fonksyon lekòl la ka tonbe anba ekspilsyon:

  • Posesyon zam danjere, tankou yon revòlvè oswa yon kouto. Depatman Edikasyon Primè ak Segondè (Department of Elementary and Secondary Education, DESE) Massachusetts konsidere definisyon "zam danjere" depannde sikonstans yo. DESE ankouraje lekòl yo pou yo analize sikonstans chak ensidan anvan yo fè detèminasyon sa a. Pa egzanp, si yon elèv itilize yon baton bezbòl pou atake yon lòt elèv, y ap pètèt konsidere baton bezbòl la kòm yon zam danjere;
  • Posesyon sibstans kontwole, tankou kokayin ak ewoyin; epi
  • Atak sou anplwaye lekòl la. DESE konsidere vyolasyon sa a dwe se swa (a) yon atak fizik ki fèt avèk entansyon elèv la, chòk ilegal, oswa (b) yon menas ki montre elèv la kapab fè atak la ki akonpaye avèk yon laperèz rezonab pou gwo danje sou anplwaye lekòl kote menas la dirije a.

Ekspilsyon defini kòm esklizyon nan salklas regilye pou yon peryòd tan ki depase katreven-dis (90) jou lekòl. Sa gen ladan ekspilsyon nèt nan lekòl la. Direktè lekòl la ka deside sispann pitit ou olye li eskli pitit ou nan lekòl la, sa k ap redui kantite jou l ap eskli pitit ou nan salklas la. Tcheke kòd konduit lekòl ou pou detèmine si sispansyon an se yon posiblite.

PWOSESIS DISIPLIN NAN

Si lekòl la akize pitit ou pou vyolasyon grav ki dekri anwo a, lekòl la dwe swiv pwosesis disiplinè ki endike anba la a:

  • Yo dwe bay pitit ou avi alekri sou opòtinite li genyen pou yon odyans anvan lekòl la enpoze disiplin nan.
  • Nan odyans lan, pitit ou ka gen yon avoka ki prezan epi li pa prezante prèv yo ak temwen.
  • Apre odyans lan, direktè lekòl la ka sispann oswa eskli pitit ou nan lekòl la si li jwenn pitit ou te fè vyolasyon an.
  • Si li eskli pitit ou nan lekòl la, pitit ou gen dwa pou konteste desizyon ekspilsyon an devan sipè-entandan an. Yo ta dwe anrejistre odyans lan.8

Ou ta dwe tcheke kòd konduit lekòl la tou pou detèmine si pwosesis disiplinè pou vyolasyon grav yo kreye nenpòt dwa siplemantè oswa pwosedi pitit ou dwe respekte. Li enpòtan anpil pou ou byen prepare pou odyans disiplinè a epitou pou patisipe ladan avèk pitit ou. Ale nan Chapit 1 - 4 Gid sa a pou Paran yo pou jwenn konsèy sou fason pou defann pi bon rezilta a pou pitit ou.

Akòz konsekans grav ekspilsyon an, li ekstrèman enpòtan pou ou chita pale avèk yon avoka, si li posib, anvan odyans disiplinè a. Li sitou enpòtan anpil pou fè sa si lapolis te arete pitit ou akòz menm ensidan an. Ou pa vle fè anyen oswa ou pa vle di anyen nan yon odyans lekòl ki kapab gen yon konsekans negatif sou rezilta yon afè ki annatant nan tribinal jivenil oswa tribinal minisipal. Ale nan Chapit 9 Gid sa a pou Paran yo pou jwenn plis enfòmasyon sou dosye kote pitit ou vin konsène nan tribinal akòz move konduit li nan lekòl.

PWOSESIS POU FÈ YON KONTESTASYON

Si lekòl la akize pitit ou pou youn nan ki vyolasyon grav ki dekri anwo a, lekòl la dwe swiv pwosesis disiplinè ki endike a. Si lekòl la mete pitit ou deyò pou yon vyolasyon Seksyon 37H, pitit ou gen dwa pou konteste desizyon ekspilsyon an devan sipè-entandan an nan dis (10) jou almannak apre dat ekspilsyon an. Lwa leta pa egzije sipè-entandan an pou li fè yon odyans oswa pou li bay yon desizyon nan yon sèten peryòd tan. Li kòd konduit distri lekòl la pou jwenn enfòmasyon sa yo, epitou mande responsab lekòl la si lekòl la fikse dèle pou mezi sa yo si yo pa bay enfòmasyon yo nan kòd konduit la.

Pitit ou gen sèten dwa nan odyans kontestasyon an. Kèk nan dwa sa yo se dwa pou pitit ou gen yon avoka ki prezan, dwa pou pitit ou prezante prèv ak temwen ki anfavè li, ak dwa pou pitit ou prezante lòt sikonstans espesyal anplis dout reyèl ki endike si pitit ou te vyole yon dispozisyon kòd konduit distri lekòl la. Desizyon sipè-entandan an se yon desizyon ki final. Li enpòtan nan etap sa a pou ou ak pitit ou pran avantaj opòtinite a pou prezante nenpòt prèv ki anfavè pitit ou.

Lwa Jeneral Massachusetts, Chapit 71, Seksyon 37L egzije pou sipè-entandan an rapòte nenpòt ensidan kote yon elèv posede oswa itilize yon zam danjere nan espas lekòl la ba depatman lapolis lokal ak ba Depatman Timoun ak Fanmi (Department of Children and Families), epitou pou voye elèv la nan sèvis elèv ki nan distri lekòl lokal la pou elèv la resevwa sèvis evalyasyon ak konsèy.

FASON POU KENBE PITIT OU ANGAJE NAN EDIKASYON PANDAN YON PERYÒD SISPANSYON OSWA EKSPILSYON

Depi ye jiyè 2014, Lwa Massachusetts egzije lekòl yo pou yo kontinye bay sèvis edikasyon pou elèv yo mete deyò oswa yo sispann pou plis pase dis (10) jou lekòl, kèlkeswa vyolasyon an.

Poze direktè lekòl la kesyon sou sèvis sa yo epitou li kòd konduit distri lekòl ou, oswa pale avèk yon administratè lekòl la pou konnen plis enfòmasyon. Plan pou sèvis edikasyon an ka gen ladan leson patikilye, lòt kalite plasman, lekòl jou samdi, ak aprantisaj sou entènèt oswa adistans. Si yo mete yon elèv deyò nan lekòl oswa si yo sispann li nan lekòl pou plis pase dis (10) jou lekòl, elèv sa a oswa paran li dwe resevwa yon lis plan pou sèvis edikasyon posib. Ou ta dwe mande lis sa a si ou pa resevwa youn.

Si ou al viv nan yon lòt distri pandan peryòd sispansyon pitit oswa ekspilsyon pitit ou, nouvo distri lekòl la dwe enskri pitit ou epitou yo dwe kite li retounen nan salklas la oswa yo dwe ba li sèvis edikasyon anvan yon plan pou sèvis edikasyon.

8 Nicholas B. v. School Committee of Worcester, 412 Mass. 20 (1992).

KISA POU FÈ SI...

Pitit ou gen pwoblèm paske li te batay nan lekòl. Lekòl la di pitit ou te itilize yon zam. Lekòl la pran mezi pou mete pitit ou deyò.

Kisa ou ta dwe fè?

  • Rete kalm.
  • Chita pale avèk yon avoka. Ekspilsyon se yon konsekans disiplinè ki grav. Nou bay yon lis resous ki disponib nan Dokiman Siplemantè la.
  • Pran enfòmasyon yo nan men pitit ou. Kijan batay la te kòmanse? Kisa zam nan te ye epi kijan ou te itilize zam nan?
  • Chèche konnen kilè lekòl la gen entansyon pou fè odyans sou ekspilsyon an. Planifye pou patisipe nan odyans lan avèk pitit ou.
  • Asire ou prepare. Odyans sou ekspilsyon an pi fòmèl pase konferans oswa odyans pou disiplin yon lekòl la ta fè nòmalman pou vyolasyon ki pa grav. Menmsi se pa yon anviwònman tribinal, kèk pwosedi ap sanble.
  • Li kòd konduit distri lekòl la pou detèmine si lekòl la gen nenpòt jijman pou yo deside si yo ta dwe mete pitit ou deyò nan lekòl la.
  • Rasanble nenpòt prèv ki anfavè pitit ou pou sipòte pitit ou pou prezante nan odyans lan.
  • Ou ka enfliyanse rezilta a si ou kapab montre pitit ou se yon bon elèv, li pa t janm nan pwoblèm anvan, oswa li merite yon lòt chans anvan lekòl la mete li deyò.
  • Si lapolis te arete pitit ou akòz menm ensidan sa a oswa si lekòl la fè konnen yo pral chèche fè yon plent kriminèl, asire ou chita pale avèk yon avoka anvan odyans pou ekspilsyon an. Ou pa vle fè anyen oswa ou pa vle di anyen nan yon odyans lekòl ki kapab gen yon konsekans negatif sou rezilta yon afè ki annatant nan tribinal jivenil oswa tribinal minisipal.

Back to Top

CHAPIT 7 >>

Esklizyon nan Lekòl pou Plent Kriminèl ak Desizyon Kilpabilite nan Ka Krim ak nan Ka Delenkans Kriminèl Jivenil

Yo ka mete yon elèv deyò nan lekòl pou zak li fè deyò lekòl la, lè konduit elèv la ka tonbe anba yon plent pou krim, oswa lè yo jwenn elèv la koupab pou yon krim oswa pou yon krim jivenil. Sa a se ka menm lè konduit pitit ou te fèt lwen espas lekòl la epitou sa pa t gen rapò avèk okenn fonksyon lekòl la.

Lwa Jeneral Massachusetts, Chapit 71, Seksyon 37H½ egzije distri lekòl yo pou yo swiv sèten règleman ak pwosedi lè y ap disipline yon elèv yo te akize pou yon krim oswa yo te jwenn koupab pou yon krim nan tribinal kriminèl adilt oswa nan tribinal delenkans jivenil. Nan de (2) sikonstans espesyal sa yo, yo ka mete yon elèv deyò nan lekòl avèk mwen pwoteksyon pwosedi jis li ta nòmalman gen dwa pou jwenn dapre Seksyon 37H oswa 37H¾.

PLENT KRIMINÈL AK DESIZYON KILPABILITE NAN AFÈ KRIM ADILT OSWA KRIM JIVENIL

Si yo akize pitit ou pou nan yon plent kriminèl oswa nan yon plent delenkans kriminèl jivenil, yo ka mete pitit ou deyò nan lekòl la. Si yo jwenn pitit ou koupab pou youn nan akizasyon sa yo, swa avèk yon vrè kondanasyon, yon admisyon kilpabilite, oswa nenpòt desizyon yon lòt tribinal, yo ka mete pitit ou deyò nan lekòl la, sètadi, yo ka mete li deyò pou yon peryòd ki depase katreven-dis (90) jou lekòl, epitou yo ka mete li deyò nèt.

Pou yo kapab sispann oswa pitit ou oswa pou yo kapab mete li deyò anba nenpòt nan sikonstans sa yo - si yo te byen akize pitit ou pou youn nan vyolasyon sa yo oswa si yo te jwenn li koupab — direktè lekòl la dwe deside, dapre jijman li sèlman, si prezans kontinye pitit ou nan lekòl la ta gen yon "gwo konsekans negatif sou satisfaksyon lekòl la." Lwa a pa defini yon "gwo konsekans negatif."

PWOSESIS DISIPLIN NAN

Anvan lekòl la ka enpoze yon sispansyon oswa yon ekspilsyon, lekòl la dwe fè pitit ou konnen akizasyon yo ak rezon yo pou sispansyon oswa ekspilsyon an alekri. Men, lwa Massachusetts pa bay pitit ou yon dwa fòmèl pou yon odyans anvan lekòl la sispann li oswa mete li deyò anba sikonstans sa yo. Lekòl la ta dwe fè pitit ou konnen alekri dwa pou li konteste desizyon sa a devan sipè-entandan an avèk yon eksplikasyon pwosesis kontestasyon an. Lekòl la ap sispann pitit ou pandan kontestasyon an annatant.

PWOSESIS POU FÈ YON KONTESTASYON

Si lekòl la sispann pitit ou oswa si lekòl la mete pitit ou deyò anba Lwa Jeneral Massachusetts, Chapit 71, Seksyon 37H½, pitit ou gen dwa pou konteste desizyon an devan sipè-entandan an.

Lè direktè lekòl la sispann pitit ou oswa mete pitit ou deyò pou yon vyolasyon Seksyon 37H½, men pwosesis kontestasyon ou ta dwe swiv:

  • Oumenm ak pitit ou dwe fè sipè-entandan an konnen alekri nan senk (5) jou almannak apati dat sispansyon an oswa esklizyon pou mande yon kontestasyon.
  • Sipè-entandan an dwe fè yon odyans nan twa (3) jou almannak apre li resevwa demann pou kontestasyon an. Nan odyans lan, pitit ou gen dwa pou li prezante temwayaj, temwen, oswa prèv ki anfavè li, epitou li gen dwa pou yon avoka prezan.
  • Sipè-entandan an dwe pran yon desizyon nan senk (5) jou almannak apre odyans lan.

Sipè-entandan an ka anile oswa modifye desizyon direktè lekòl la. Desizyon sipè-entandan an se yon desizyon ki final nan nivo distri lekòl la. Li enpòtan pou ou ak pitit ou byen prepare pou odyans lan epi pou konsilte yon avoka si li posib.

FASON POU KENBE PITIT OU ANGAJE NAN EDIKASYON PANDAN YON SISPANSYON

Depi ye jiyè 2014, Lwa Massachusetts egzije lekòl yo pou yo kontinye bay sèvis edikasyon pou elèv yo mete deyò oswa yo sispann pou plis pase dis (10) jou lekòl, kèlkeswa vyolasyon an. Poze direktè lekòl la kesyon sou sèvis edikasyon ki disponib yo epitou li kòd konduit distri lekòl ou, oswa pale avèk yon administratè lekòl la pou konnen plis enfòmasyon. Plan pou sèvis edikasyon an ka gen ladan leson patikilye, lòt kalite plasman, lekòl jou samdi, ak aprantisaj sou entènèt oswa adistans. Si yo mete yon elèv deyò nan lekòl oswa si yo sispann li nan lekòl pou plis pase dis (10) jou lekòl, elèv sa a oswa paran li dwe resevwa yon lis plan pou sèvis edikasyon posib. Ou ta dwe mande lis sa a si ou pa resevwa youn.

Si ou al viv nan yon lòt distri pandan peryòd sispansyon pitit oswa ekspilsyon pitit ou, nouvo distri lekòl la dwe enskri pitit ou epitou yo dwe kite li retounen nan salklas la oswa yo dwe ba li sèvis edikasyon anvan yon plan pou sèvis edikasyon.

ELÈV K AP RESEVWA SÈVIS EDIKASYON ESPESYAL OSWA KI KALIFYE POU SA

Lwa sou Edikasyon Moun Andikape (Individuals with Disabilities Education Act, IDEA) bay pwoteksyon pwosedi jis siplemantè nan pwosedi disiplin kont elèv k ap resevwa sèvis edikasyon espesyal ak elèv ki kalifye pou sèvis edikasyon espesyal, si lekòl la te gen yon rezon anvan pou konnen elèv la gen yon andikap.

Si pitit ou pa resevwa sèvis edikasyon espesyal oswa aranjman pou yon andikap, men ou panse lekòl la ta dwe evalye pitit ou, tanpri li seksyon Dokiman Siplemantè ki gen tit Sèvis Edikasyon Espesyal pou jwenn lide sou fason pou abòde pwoblèm sa yo lè yon timoun ka anba disiplin nan lekòl.

Back to Top

CHAPIT 8 >>

Lwa Massachusetts Kont Kraponay

Anba Lwa Jeneral Massachusetts, Chapit 71, Seksyon 37O, yo entèdi kraponay ak vanjans nan espas lekòl yo, nan fonksyon lekòl yo, ak nan sèten sikonstans ki pa konsène lekòl yo men ki gen yon konsekans sou anviwònman lekòl la.9 Lwa a egzije distri lekòl la pou yo gen yon plan prevansyon ak entèvansyon ki defini kraponay ak vanjans epitou ki eksplike kijan lekòl la ap rapòte zak kraponay ak vanjans yo sipoze ki fèt, fason pou fè ankèt sou yo ak fason pou reponn yo.

Si lekòl la akize pitit ou pou kraponay, sonje pou li plan prevansyon ak entèvansyon distri lekòl la pou kraponay pou konnen fason lekòl la ak mete sitiyasyon an sou kontwòl.

DEFINISYON KRAPONAY, SIBè-KRAPONAY, AK VANJANS

Gen "kraponay" lè yon elèv, oswa yon anplwaye lekòl la, itilize mo (alekri oswa aloral) souvan, fè yon zak fizik souvan, oswa fè jès souvan kont yon lòt elèv ki:

  1. frape elèv ki viktim kraponay la sou plan fizik, emosyonèl, oswa ki domaje byen elèv la;
  2. lakòz elèv ki viktim kraponay la pè yon fason rezonab pou li domaje oswa pou byen pou li domaje;
  3. kreye yon anviwònman ki pa amikal pou nan lekòl la pou elèv ki viktim kraponay la. Yon anviwònman ki pa amikal vle di anviwònman lekòl la tèlman gen entimidasyon, bagay ki ridikil oswa gwosye sa lakòz li afekte edikasyon elèv ki viktim kraponay la;10
  4. vyole dwa elèv ki viktim kraponay la nan lekòl la; oswa
  5. fè deranjman ki grav ak enpòtan nan pwosesis edikasyon oswa operasyon òdone yon lekòl.11

Gen kèk lòt konsèp enpòtan ki defini nan lwa kont kraponay paran yo ak responsab legal yo ta dwe konnen. "Sibè-kraponay" se kraponay avèk "itilizasyon teknoloji oswa aparèy elektwonik tankou telefòn, telefòn selilè, òdinatè, ak Entènèt." Sa kapab gen ladan bagay tankou imèl, mesaj andirèk, mesaj nan tèks, ak afichaj sou entènèt.12

"Vanjans" se "nenpòt fòm entimidasyon, kont-atak, oswa asèlman yo fè kont yon moun ki rapòte kraponay, ki bay enfòmasyon pandan yon ankèt y ap fè sou kraponay, oswa ki wè kraponay la oswa ki gen enfòmasyon ki fyab sou kraponay."13

KILÈ LEKÒL LA KAPAB DISIPLINE PITIT MWEN POU VANJANS?

Lekòl la ka disipline pitit ou pou kraponay ak vanjans ki fèt nan kote sa yo:

  • nan espas lekòl la, tankou kote otobis lekòl la kanpe ak nan otobis la;
  • nan fonksyon lekòl la;
  • nan aparèy elektwonik lekòl la, pa egzanp, yon òdinatè lekòl la; epi
  • kraponay ki pa nan espas lekòl la oswa ki fèt nan aparèy elektwonik pèsonèl si kraponay la gen yon konsekans negatif sou elèv ki viktim nan lekòl la oswa nan pwosesis edikasyon an. Pa egzanp, yon timoun ta ka kraponnen yon kamarad klas nan jou wikenn, nan medya sosyal, oswa nan mesaj tèks pandan li lakay li. Nan yon sitiyasyon konsa, li posib pou yo disipline yon timoun nan lekòl li.

ANKÈT AK AVI POU PARAN

Si lekòl la resevwa yon rapò ki endike pitit ou te kraponnen lòt elèv, ou kapab espere lekòl la ap fè sèten etap pou bay repons pou sa. Lekòl yo konsidere rapò kraponay trè oserye. Si ankèt lekòl la fè a jwenn te gen kraponay oswa sibè- kraponay, direktè lekòl la gen obligasyon pou fè ou, paran an, ak paran timoun ki viktim kraponay la, konnen ensidan an, epitou li dwe di ou kijan lekòl la pral reponn pou ensidan kraponay la. Responsab lekòl la dwe bay avi sa a nan lang natifnatal ou pale lakay ou.

AVI POU LAPOLIS

Lè direktè lekòl la resevwa yon rapò kraponay, li gen obligasyon tou pou fè depatman lapolis lokal konnen sa si li gen rezon pou kwè yo ka mete akizasyon kriminèl kont kraponay la. Kraponay la sèlman pa yon krim; men, yon ensidan kraponay ka gen zak kriminèl ladan, pa egzanp, atak. Si direktè lekòl la pa gen rezon pou kwè yo ka mete akizasyon kriminèl pou kraponay la, li ka chwazi pou rezoud ensidan an nan lekòl la, olye li rapòte zak pitit ou ba lapolis. Lè direktè lekòl la ap fè sa, li dwe pran mezi disiplinè kòmsadwa k ap ekilibre bezwen pou responsablite avèk bezwen pou montre elèv la konpòtman ki apwopriye. Tanpri sonje lapolis ka vin mele nan ensidan an anvan lekòl la fè ankèt pa li pou konnen si pitit ou te fè yon zak kraponay.

ZAK KRAPONAY

Lwa Massachusetts Kont Kraponay ak Vanjans pa defini kalite disiplin yo ka ba yon elèv si li angaje nan kraponay. Si lekòl la akize pitit ou pou kraponay, konsilte sous ki endike anba la yo pou asire lekòl la swiv pwosedi ki nesesè yo epitou pou asire si lekòl la enpoze disiplin ki apwopriye:

  • Plan prevansyon ak entèvansyon distri lekòl la pou kraponay, ki dwe endike mezi disiplinè yon lekòl ka pran pou bay repons pou kraponay; ak
  • Manyèl lekòl la pou elèv yo pou nenpòt referans oswa diskisyon sou plan prevansyon ak entèvansyon lekòl la pou kraponay.

Plan prevansyon ak entèvansyon lekòl la pou kraponay ta dwe annamoni avèk lwa leta ki detèmine konduit enpòtan, epitou l ap depannde kategori konduit kraponay la. Pa egzanp, si konpòtman kraponay la te gen ladan yon atak, règ ki dekri nan Chapit 6 la ta aplike, alòske si konpòtman kraponay la se pase-nan-tenten, pinisyon ak pwosedi ki nan Chapit 5 lan ta enpòtan. Si ou panse plan prevansyon ak entèvansyon lekòl la pou kraponay pa respekte règ sa yo, ou ta dwe diskite sou sa avèk administrasyon lekòl la.

RESOUS

Lwa Massachusetts Kont Kraponay ak Vanjans egzije lekòl yo pou yo ajoute nan plan prevansyon ak entèvansyon yo pou kraponay yon estrateji pou yo bay konsèy oswa referans pou sèvis apwopriye pou yon elèv k ap kraponnen lòt elèv ak pou manm fanmi elèv la. Lè gen kraponay oswa vanjans, lekòl la dwe fè paran oswa responsab legal elèv ki viktim kraponay la konnen egzistans "Sistèm Rezolisyon Pwoblèm ("Problem Resolution System", PRS) Depatman Edikasyon Primè ak Segondè ak pwosesis pou chèche èd oswa pou depoze yon reklamasyon.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou PRS, ale sou sitwèb DESE nan www.doe.mass.edu/pqa/prs/. Ou la rele nimewo (781) 338-3700 tou oswa ou ka voye yon imèl ba ekip DESE (compliance@doe.mass.edu).

9 LWA JENERAL MASSACHUSETTS ch. 71, § 370 (2011).

10 DEPATMAN EDIKASYON PRIMÈ AK SEGONDÈ MASSACHUSETTS, MODÈL PLAN PREVANSYON AK ENTÈVANSYON POU KRAPONAY 13 (2010).

11 DEPATMAN JENERAL MASSACHUSETTS ch. 71, § 370 (2011).

12 DEPATMAN EDIKASYON PRIMÈ AK SEGONDÈ MASSACHUSETTS, MODÈL PLAN PREVANSYON AK ENTÈVANSYON POU KRAPONAY, nòt 9 ki anwo, nan 17.

13 Id.

14 Susan M. Brazas, Is Your Child a Bully? (Èske Pitit Ou Ap Kraponnen Moun?), LAWYERS.COM, http://education-law.lawyers.com/school-law/is-your-child-a-bully.html (15 Out 2014).

KISA POU FÈ SI...

Pitit ou gen pwoblèm paske li te batay nan lekòl. Responsab lekòl la fè ou konnen batay la te kòmanse paske pitit ou t ap kraponnen yon lòt elèv nan mesaj tèks.

Kisa ou ta dwe fè anvan?

  • Rete kalm.
  • Pale avèk pitit ou. Mande pitit ou pou li eksplike ou sa ki te pase a. Li enpòtan pou jwenn tout detay ensidan an. Mande pitit ou si nenpòt zanmi li oswa lòt elèv te wè oswa tande sa ki te pase a.
  • Mande lekòl la pou yo eksplike ou sa ki te pase a.
  • Chèche konnen mezi disiplinè posib lekòl ou ka pran. Pou fè sa, li plan prevansyon ak entèvansyon lekòl ou pou kraponay epi gade nan manyèl lekòl pitit ou pou jwenn nenpòt referans pou kraponay ak vanjans.
  • Si ou kwè pitit ou gen yon pwoblèm kraponay, gade plan prevansyon ak entèvansyon lekòl ou pou jwenn resous ki disponib pou ede pitit ou. Si ou pale avèk konseye lekòl la, travayè sosyal lekòl la oswa sikològ pitit ou, sa ka ba ou yon apèsi sou fason pou ede pitit ou.14
  • Detèmine si lekòl la te kontakte lapolis konsènan ensidan an oswa si te gen yon plent yo depoze nan tribinal yo. Si sa te fèt, chèche jwenn yon kopi plent lan epi anvizaje chita pale avèk yon avoka anvan nenpòt odyans disiplinè. Dokiman Siplemantè la gen yon lis òganizasyon sèvis legal. Asire ou konnen lè ou dwe ale nan tribinal pou nenpòt odyans tribinal la.
  • Si lekòl la potko bay dat ak lè pou yon reyinyon pou diskite sou ensidan kraponay la, rele lekòl la pou pran randevou pou yon konferans. Eseye konprann ki etap lekòl la anvizaje.
  • Si reyinyon ou avèk lekòl la se pa pou anpil jou, mande si y ap bay pitit ou pèmisyon pou li swiv klas regilye li yo pandan lekòl la ap anvizaje ki mezi disiplinè pou yo pran pou ensidan kraponay la.
  • Si lekòl la sispann pitit ou, asire oumenm ak pitit ou mande pwofesè yo nenpòt devwa pitit ou ap bezwen fè pandan peryòd sispansyon an.
  • Si pitit ou resevwa yon sispansyon pou yon tan ki long (plis pase dis (10) jou) oswa si yo mete li deyò nan lekòl la, asire ou mande yon lis plan sèvis edikasyon pou pitit ou yon fason pou li kapab rete angaje nan edikasyon pandan peryòd sispansyon an.

Back to Top

CHAPIT 9 >>

Arestasyon nan Lekòl la ak Disiplin ki Gen pou Wè ak Lapolis

Lè yon timoun fè yon vyolasyon ki merite disiplin ki se yon zak delenkan oswa yon zak kriminèl tou, timoun nan ka tonbe anba yon pwosesis disiplin andedan lekòl la ak yon pwosesis disiplin deyò lekòl la. Chapit sa a pale sou pwosesis jidisyè ki ka konsène move konduit nan lekòl, epi li se yon diplis pou Chapit 5 - 8 Gid sa a pou Paran yo, ki pale sou pwosesis disiplin yo andedan lekòl.

Gen yon gwo tandans plis prezans lapolis nan lekòl yo.15 Prezans lapolis nan kanpis la fè li pi fasil pou lekòl yo depoze plent jivenil pou delenkans elèv yo. Answit, prezans lapolis nan lekòl yo ogmante chans pou yo mete elèv yo an gadavi oswa pou yo lapolis arete elèv yo nan lekòl la si yo fè yon vyolasyon lekòl la kapab konsidere kòm yon zak delenkan oswa kriminèl. Distri lekòl yo pa menm pou règleman ak pwosedi yo pou yo depoze plent jivenil, pou mete elèv yo an gadavi, oswa pou fè lapolis arete elèv yo nan kanpis lekòl yo. Ou ta dwe konsidere nenpòt plent jivenil oswa arestasyon yon elèv oserye.

ARESTASYON NAN LEKÒL

Ofisye Resous Lekòl la ak ofisye lapolis Kanpis la kapab arete elèv lekòl la akize pou yon vyolasyon kriminèl nan lekòl la. Menm anvan lapolis arete yon elèv, ofisyèl lekòl ki gen yon sispisyon rezonab ki montre elèv la te fè yon krim ka fouye zafè elèv la. Lekòl yo gen pi gwo mwayen pou fè fouy sou elèv yo nan lekòl la pase nan anviwònman nòmal lapolis. Dwa elèv yo pou entimite ekilibre kont enterè lekòl la nan sekirite ak disiplin elèv yo.16

Anjeneral, responsab lekòl la dwe bay avètisman Miranda17 lè y ap kesyone elèv yo sou yon ensidan ki pase nan lekòl la. Anjeneral, responsab lekòl yo gen abitid pou mande elèv yo pou yo siyen "konfesyon." Yo ka itilize konfesyon sa yo kont elèv yo nan pwosedi tribinal. Li enpòtan anpil pou elèv yo mande pou yo pale avèk yon paran epi pou yo fè paran yo prezante si y ap kesyone oswa si y ap mande yo pou yo ekri yon deklarasyon sou yon vyolasyon nan lekòl la, yo ka konsidere kòm yon zak delenkan oswa kriminèl. Li apwopriye pou elèv yo di yon administratè lekòl la si y ap kolabore, men sèlman avèk yon avoka ki prezan. Menmsi plent kont pitit ou se pou yon zak deli minè, ou ta dwe toujou chita pale avèk yon avoka lè y ap kesyone pitit ou sou sa, oswa lè y ap mete pitit ou an gadavi pou yon zak delenkan oswa pou yon vyolasyon kriminèl. Nenpòt pwosesis kriminèl kapab gen konsekans y ap prevwa.

Lè lekòl la remèt yon elèv ba lapolis, elèv la gen dwa pou gen yon paran prezan epi, tankou avèk tout akize kriminèl yo, y ap li avètisman Miranda ba elèv la.

GID POU JISTIS JIVENIL

Pou jwenn plis enfòmasyon sou sa pou fè si lapolis arete pitit ou, tanpri ale nan resous ki endike anba la yo nan Depatman Sipò pou Jèn yo (Youth Advocacy Department):

FOUY NAN LEKÒL

Lekòl yo gen tout diskresyon pou fè fouy nan kazye oswa sakado elèv yo si lekòl la sispèk yon elèv posede yon sibstans ilegal, byen vòlò, oswa yon zam. Men, otorizasyon lekòl la pou fè fouy sou pèsòn fizik elèv la limite anpil.

Si yo fèy fouy nan kò pitit ou nan lekòl la, kontakte yon avoka pou konnen si lekòl la te swiv tout prensip ak pwosedi legal ki detèmine yon fouy nan kò.

LÈ OU ALE NAN TRIBINAL

Li enpòtan pou kenbe yon dosye alekri sou dat tribinal pou yon akizasyon kriminèl oswa delenkan. Chèche konnen kimoun k ap pouswiv dosye pitit ou, ki akizasyon egzat (yo) ki genyen kont pitit ou, kalite pinisyon posib tribinal ka enpoze, ak kantite tan yo ka ranvwaye pitit ou nan salklas la.

Li enpòtan pou ou akonpaye pitit ou nan tout prezantasyon li nan tribinal pou montre tribinal la gen yon adilt, yon figi otorite nan lavi pitit ou. Rive alè epi abiye kòmsadwa pou nenpòt lè w ap prezante nan tribinal. Abiman pwofesyonèl oswa "pi bon rad ou mete jou dimanch" apwopriye pou tribinal la.18 Pa mete gwo bijou, gwo koulè ak akseswa k ap fè fwi paske y ap distrè tribinal la. Li enpòtan pou kenbe yon atitid pozitif epi pou gen tout dokiman sipò yo sou ou. Preparasyon se kle.

Si pitit ou pa kapab ale nan tribinal la nan dat li dwe ale a, ou ka mande avoka ou si tribinal la ap chanje dat la. Tribinal la pa gen obligasyon pou chanje dat la. Prepare ou pou ale nan dat ki pwograme okòmansman an. Si pitit ou pa kapab ale nan tribinal nan jou yon konparisyon pwograme, rele avoka ou imedyatman pou fè li konnen pou kisa pitit ou pa kapab patisipe, pa egzanp, akòz maladi oswa yon lòt ijans. Avoka a ap gen pou eksplike jij la absans pitit ou.

DESIZYON TRIBINAL LA

Lè tribinal la jwenn yon desizyon nan ka pitit ou, li enpòtan pou fè swivi sou nenpòt jijman tribinal la enpoze.

  • Si tribinal la enpoze yon amann, mande si li posib pou peye amann lan an vèsman. Asire ou fè peman yo alè.
  • Si tribinal la egzije pou pitit ou bay kèk èdtan nan sèvis kominotè, fè tribinal la konnen nenpòt difikilte nan sèvis transpò ak sitiyasyon fanmi yo ta dwe konsidere lè y ap detèmine kantite tan pitit ou ap gen pou fè sèvis kominotè a.
  • Mande kisa arestasyon an vle di sou dosye legal pitit ou. Nan Massachusetts, yo kapab sele dosye tribinal jivenil pitit ou nan twa (3) zan apre pitit ou fin sèvi santans li si li satisfè sèten kondisyon. Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason yo sele dosye tribinal jivenil, ou kapab ale nan piblikasyon Children's Law Center of Massachusetts ki gen tit "Sealing Juvenile Records" (Fason yo Sele Dosye Jivenil) sou sitwèb www.clcm.org/edsealingrecords.html#expunge.
  • Konsève yon dosye nenpòt dat limit tribinal la enpoze pou peye amann yo oswa pou satisfè nenpòt lòt egzijans. Konsève resi yo pou nenpòt ak tout peman ou fè ba tribinal la. Sonje si ou pa konfòme ou avèk dat limit tribinal la enpoze yo sa kapab vle di sanksyon siplemantè. Si pitit ou pa konfòme li avèk lòd tribinal la, tribinal la kapab bay yon manda pou lapolis arete li.

15 TRAVIS & COON, THE ROLE OF LAW ENFORCEMENT IN PUBLIC SCHOOL SAFETY: A NATIONAL SURVEY 5 (2005).

16 Gade New Jersey v. T. L.O., 469 U.S. 325, 339-340 (1985).

17 Tè, "Avètisman Miranda" gen pou wè obligasyon ofisye lapolis yo genyen pou avèti yon moun, anvan yo arete moun nan oswa anvan yo entèwoje moun nan pou yon krim, sou sèten dwa pou moun pa akize tèt li poukont li, tankou dwa pou moun nan rete an silans ak dwa pou li gen avoka.

18 PARENTS HELPING PARENTS, YOU ARE NOT ALONE: AN EMPOWERING GUIDE FOR PARENTS WHOSE CHILDREN ARE IN DCF FOSTER CARE 25 (2010).

KISA POU FÈ SI...

Pitit ou gen pwoblèm paske li te batay nan lekòl. Yo depoze yon plent nan tribinal jivenil.

Kisa ou ta dwe fè anvan?

  • Rete kalm.
  • Menmsi plent sa a ka se pou yon vyolasyon deli minè, w ap vle chita pale avèk yon avoka. Yon plent kapab deklanche konsekans yo prevwa pou pitit ou.
  • Li enpòtan pou kenbe yon dosye alekri sou dat tribinal pou yon akizasyon delenkan. Chèche konnen kimoun k ap pouswiv dosye pitit ou, ki akizasyon egzat (yo) ki genyen kont pitit ou, kalite pinisyon posib tribinal ka enpoze, ak kantite tan yo ka ranvwaye pitit ou nan salklas regilye a.
  • Li enpòtan pou ou akonpaye pitit ou nan tout prezantasyon li nan tribinal pou montre tribinal la gen yon figi otorite nan lavi pitit ou. Rive alè epi abiye kòmsadwa pou nenpòt lè w ap prezante nan tribinal. Abiman pwofesyonèl oswa "Pi bon rad ou mete jou dimanch" apwopriye pou tribinal la. Pa mete gwo bijou oswa rad gwo koulè ki ka distrè tribinal la. Pa mete gwo objè nan pòch ou k ap sonnen, pa egzanp, kle oswa pyès monnen. Li enpòtan pou kenbe yon atitid pozitif epi pou gen tout dokiman sipò yo sou ou. Preparasyon se kle.
  • Si ou kwè pitit ou te aji pou defann tèt li, asire avoka pitit ou konnen done sa yo. Oto-defans se yon defans legal nan yon tribinal, menmsi yon lekòl pa gen obligasyon pou konsidere sa pandan pwosedi disiplin yo.
  • Asire pitit ou kapab konfòme li avèk sèvis kominotè tribinal la egzije a. Si pitit ou gen yon andikap oswa si gen pwoblèm fanmi k ap fè li difisil pou pitit ou fè sèvis kominotè a nan yon peryòd tan ki presize, asire pwokirè a ak jij la konnen done sa yo.
  • Asire pitit ou fè nenpòt sa tribinal la egzije li avèk siksè. Si pitit ou pa konfòme li avèk dat limit tribinal la enpoze yo sa kapab vle di sanksyon siplemantè. Si pitit ou pa fè sèvis kominotè a, tribinal la ka egzije oumenm ak pitit ou pou nou prezante devan tribinal la ankò poutèt nou manke tribinal la dega. Si pitit ou pa konfòme li avèk lòd tribinal la, tribinal la kapab bay yon manda pou lapolis arete li.

Back to Top

DOKIMAN SIPLEMANTÈ >>

GLOSÈ
SÈVIS EDIKASYON ESPESYAL
SWEN PARAN (KINSHIP CARE)
RESOUS POU PARAN YO AK ELÈV YO

GLOSÈ

Si pitit ou tonbe anba disiplin nan lekòl a, tèm sa yo se kèk nan tèm nou itilize souvan, epi ou ka tande yo lè w ap fè rechèch nan pwosesis disiplin nan. Ou ka vle vin abitye ou avèk tèm ki endike anba la yo nan preparasyon ou.

Ansèyman Altènatif (Alternative Education) — Ansèyman altènatif se yon pwogram yo mete anplas nan yon distri lekòl pou sèvi elèv "arisk" yo ki gen bezwen yo ki pa satisfè nan anviwònman yon lekòl tradisyonèl. Ansèyman altènatif pa obligatwa dapre lwa leta oswa lwa federal, men yo ka bay li selon jijman yon distri lekòl. Ansèyman altènatif ka opere nan yon distri lekòl tradisyonèl oswa kòm yon pwogram endepandan deyò distri lekòl la avèk orè pa li, pwofesè pa li yo, ak ekipman pa li yo. Pwogram ansèyman altènatif yo dwe konfòme yo avèk egzijans Massachusetts pou aprantisaj elèv yo. Men, pwogram ansèyman altènatif yo pa ka gen ekipman konparab, sèvis transpò, kou ki matyè debaz, aktivite ki pa nan pwogram akademik lan, oswa menm pwogram edikasyon yon lekòl tradisyonèl.1

Pou jwenn plis enfòmasyon sou ansèyman altènatif, tanpri ale sou sitwèb Depatman Edikasyon Primè ak Segondè (Department of Elementary and Secondary Education, DESE) Massachusetts. Sitwèb DESE gen yon lis pwogram ansèyman altènatif tou nan Massachusetts.

Chanjman Plasman (Change of Placement) — Gen yon chanjman plasman akòz yon deplasman disiplinè si yo retire yon timoun andikape oswa plasman edikasyonèl li pou plis pase dis (10) jou lekòl youn-apre-lòt, oswa si timoun nan tonbe anba yon seri deplasman ki reprezante yon abitid paske: (1) deplasman yo totalize plis pase dis (10) jou lekòl nan yon ane lekòl; (2) konpòtman timoun nan sanble anpil avèk ensidan anvan yo ki te lakòz seri deplasman yo, epi (3) lòt faktè tankou kantite tan pou chak deplasman, kantite tan total yo te deplase timoun nan, ak gwo chans pou deplasman nan youn lòt reprezante yon abitid.2

Ekspilsyon (Expulsion) — Dapre règleman Massachusetts, ekspilsyon defini kòm esklizyon nan lokal lekòl la pandan plis pase katreven-dis (90) lekòl nan yon ane lekòl. Yo ka mete yon elèv deyò nan lekòl pou zak grav ki endike nan Seksyon 37H ak 37H½. Tanpri ale nan Chapit 5 — 7 Gid Paran sa a pou jwenn plis detay.

Entansyon (Intent) — Entansyon vle di rezon oswa motivasyon yon elèv pou konduit li ki te lakòz li te vyole kòd konduit distri lekòl la. Kòd konduit yon distri lekòl la ta dwe endike sikonstans kote yo konsidere entansyon an lè y ap bay disiplin apwopriye. Nan ka vyolasyon kòd konduit la ki reprezante zak ki pa grav, sètadi, zak ki pa tonbe nan Seksyon 37H oswa 37H½, lekòl yo gen obligasyon pou eseye lòt metòd parapò ak sispansyon an epi yo pa ka gen yon apwòch zewo tolerans. Gade Chapit 5 Gid sa a pou jwenn plis enfòmasyon sou zak ki pa grav yo.

Evalyasyon Detèminasyon Manifestasyon (Manifestation Determination Review , MDR) — Lekòl la dwe fè yon MDR pou elèv ki kalifye pou sèvis edikasyon espesyal oswa pou sèvis asosye anvan yo kapab sispann yon elèv, mete li deyò oswa mete yon nan yon chanjman enpòtan nan plasman. MDR ap detèmine si konduit elèv la te asosye avèk andikap li. Komite evalyasyon an gen ladan manm ekip IEP elèv la ak "pèsonèl kalifye". Nivo evalyasyon an se konduit la te "te fèt akòz" oswa si li te gen yon "relasyon dirèk ak enpòtan" avèk andikap elèv la, oswa si li te "rezilta dirèk" paske distri lekòl pa t aplike IEP. Yon MDR obligatwa lè yo retire yon elèv nan lekòl la pou plis pase dis (10) jou lekòl youn-apre-lòt, oswa lè yo retire yon elèv nan lekòl la pou plis pase dis (10) jou lekòl ki anpil nan yon ane akademik epi deplasman an se pati yon abitid ki reprezante yon chanjman plasman an.

IDEA — The Individuals with Disabilities Education Act (IDEA) (Lwa sou Edikasyon Moun Andikape) se lwa federal ki bay sèvis edikasyon espesyal pou timoun ki andikape yo. IDEA detèmine kijan ajans leta yo ak ajans piblik yo bay sèvis entèvansyon bonè, sèvis edikasyon espesyal ak sèvis asosye pou tibebe, jèn bebe, timoun ak jèn moun andikape ki kalifye. IDEA fikse pwosedi disiplin yon lekòl dwe swiv lè y ap disipline elèv ki nan edikasyon espesyal.

Kontra pou Konpòtman (Behavior Contract) — Yon Kontra pou Konpòtman se yon akò ekri ant lekòl la ak elèv yo kote elèv la ak lekòl la dakò pou eseye chanje yon sèten konduit. Yon kontra konsa ta gen ladan kondisyon tankou yon objektif, rekonpans pou reyalizasyon objektif la avèk siksè, dèle, konsekans poutèt elèv la pa konfòme li, elatriye.

Kòd Konduit (Code of Conduct) — Kòd konduit la se règ ak egzijans lekòl la pou konduit elèv la. Li inik pou chak distri lekòl. Yo ta dwe afiche kòd konduit aklè nan chak lekòl, epitou li dwe disponib nan biwo direktè nenpòt lekòl sou demann. Souvan yon lekòl ap afiche kòd konduit li sou sitwèb li. Kòd konduit la ta dwe endike ki aksyon disiplinè ki kapab fèt pou sèten konpòtman. Tanpri sonje dokiman sa a ka gen pou wè ak yon kòd disiplin nan distri ou.

Manyèl ki Bay Enfòmasyon pou Elèv (Student Handbook) — Manyèl ki bay enfòmasyon pou elèv se règ ak règleman lekòl la. Li inik pou chak lekòl. Anjeneral, manyèl ki bay enfòmasyon pou elèv pale sou sijè tankou règleman sou prezans, kòd abiman, ak aktivite ki pa nan pwogram akademik lan, elatriye. Yo ta dwe afiche manyèl ki bay enfòmasyon pou elèv yo aklè nan lekòl la, epitou li ta dwe disponib nan biwo direktè nenpòt lekòl sou demann. Souvan yon lekòl ap afiche manyèl ki bay enfòmasyon pou elèv yo sou sitwèb li.

Plan Entèvansyon pou Konpòtman (Behavior Intervention Plan) — Dapre Lwa sou Edikasyon Moun Andikape (Disabilities Education Act, IDEA), elèv edikasyon espesyal ki gen pwoblèm konpòtmantal ka fè yon evalyasyon konpòtman fonksyonèl epi answit yo konvèti rezilta yo nan yon plan aksyon reyèl pou kontwole konduit elèv la. Plan Entèvansyon pou Konpòtman ka presize fason pou chanje anviwònman aprantisaj la pou evite sèten konduit, pou ranfòse bon konpòtman, epi pou bay sipò yon fason pou yon elèv p ap jwenn motif pou aji akòz fwistrasyon oswa fatig.

Plasman Annijans oswa Esklizyon Annijans (Emergency Placement or Emergency Exclusion) — Nan kondisyon ki limite, yon direktè lekòl la ka rekòmande pou yo retire yon elèv imedyatman nan anviwònman salklas regilye a epi pou yo mete li nan yon pwogram ansèyman altènatif oswa pou yo voye elèv la lakay li. Tanpri ale nan Chapit 1 Gid Paran sa a pou jwenn yon diskisyon sou lwa Massachusetts ki detèmine fason pou mete elèv deyò nan lekòl pou ijans.

Prevansyon pou Kraponay ak Plan Entèvansyon (Bullying Prevention and Intervention Plan) — Lwa Massachusetts egzije chakm distri lekòl pou yo gen yon prevansyon kraponay ak yon plan entèvansyon anplas. Plan an dwe defini kisa kraponay ak vanjans ye, epitou li dwe eksplike kijan lekòl la ap rapòte zak kraponay ak vanjans yo sipoze ki fèt, mennen ankèt sou yo epi bay repons pou yo.

Prevansyon kraponay ak plan entèvansyon ta dwe disponib bòkote direktè lekòl la sou demann.

Pwogram Edikasyon Endividyè (Individualized Education Program, IEP) — Yon IEP se yon dokiman ekri, ekip edikasyon espesyal lekòl la kreye ki endike kijan lekòl la pral satisfè bezwen edikasyon yon elèv apa ki kalifye pou sèvis edikasyon espesyal oswa pou sèvis asosye. IEP kapab gen yon Plan Entèvansyon pou Konpòtman ladan.

Pwosedi Jis (Due Process) — Yon lekòl dwe swiv sèten pwosedi anvan li mete yon elèv deyò nan lekòl la pou yon ti tan oswa nèt, pou asire yon elèv trete san paspouki epitou pou asire yo fè respekte dwa elèv la. Pa egzanp, yon elèv gen yon dwa pou li resevwa enfòmasyon sou konduit yo akize li a, epi pou li reponn akizasyon yo. Selon konduit la, yon elèv ka gen dwa pou yon konferans sou disiplin oswa pou yon odyans sou esklizyon ki pi fòmèl, kote lwa leta oswa lwa federal egzije pwosedi tankou tribinal.

Règleman Zewo Tolerans (Zero Tolerance Policy) — Yo adopte yon règleman zewo tolerans ki endike konsekans otomatik, ki pa fleksib, pou sèten kategori konduit elèv yo, kèlkeswa sikonstans espesyal konduit patikilye a. Lalwa Massachusetts pa bay pèmisyon pou repons disiplinè otomatik pou zak ki pa grav, epitou lwa a egzije lekòl yo pou yo konsidere fason pou evite sispansyon.

Sispansyon Deyò Lekòl (Out-of-School Suspension) — Yon sispansyon deyò lekòl la ap fèt lè lekòl la sispann yon elèv pou vyolasyon kòd konduit distri lekòl la epi lè lekòl la egzije pou elèv la kanpe lwen lokal lekòl la pandan sispansyon an. Yon sispansyon deyò lekòl la ka se yon "sispansyon pou yon tan kout," sa ki vle dis esklizyon nan salklas regilye pou yon peryòd tan ki pa pi plis pase dis (10) jou youn-apre-lòt, oswa jiska dis (10) jou ki anpile nan yon ane lekòl. Yon "sispansyon pou anpil tan," se yon esklizyon nan salklas regilye a pou plis pase dis (10) jou lekòl, men pa plis pase katreven-dis (90) jou youn-apre-lòt oswa ki anpile nan yon ane lekòl la.

Sispansyon nan Lekòl (In-School-Suspension) — Lè yon elèv fè ti vyolasyon, yon direktè lekòl ka bay youn oswa plis jou sispansyon kont yon elèv deyò salklas regilye a epi nan lokal lekòl la, anba sipèvizyon yon pwofesè sètifye oswa yon para-pwofesyonèl ki nan espas lekòl la. Yon sispansyon nan lekòl la pou mwens pase dis (10) jou konsidere kòm yon sispansyon pou tan kout. Yon sispansyon nan lekòl la pou plis pase dis (10) jou lekòl (youn apre lòt oswa ki anpil nan yon ane lekòl) konsidere kòm yon sispansyon pou anpil tan. Yon elèv gen dwa pou fè devwa ratrapaj ak lòt travay lekòl la pandan yon sispansyon nan lekòl la.

1 Gade DEPATMAN EDIKASYON PRIMè AK SEGONDè MASSACHUSETTS.

2 Gade DEPATMAN EDIKASYON PRIMè AK SEGONDè MASSACHUSETTS, "Discipline of Special Education Students Under IDEA 2004".

SÈVIS EDIKASYON ESPESYAL

Lwa sou Edikasyon Moun Andikape (Individuals with Disabilities Education Act, IDEA) ak Seksyon 504 Lwa 1973 konsènan Reyabilitasyon (Rehabilitation Act of 1973) bay lòt pwoteksyon sou pwosedi jis lè y ap disipline elèv k ap resevwa sèvis edikasyon espesyal oswa sèvis asosye, ak elèv yo poko kwè ki kalifye pou sèvis edikasyon espesyal si lekòl la te gen yon baz konesans anvan ki endike elèv la gen yon andikap.

Si pitit ou pa resevwa sèvis edikasyon espesyal oswa sèvis asosye oswa aranjman pou yon andikap, men ou panse yo ta dwe evalye pitit ou, seksyon sa a ap ba ou lide nan fason pou rezoud pwoblèm sa yo lè yon elèv tonbe anba disiplin lekòl la.

Si ou sispèk pitit ou gen andikap, men yo pa t evalye pitit ou pou sèvis edikasyon espesyal ak sèvis asosye yo:

Mande yon evalyasyon pou sèvis edikasyon espesyal ak sèvis asosye yo alekri. Rezon prensipal pou pitit ou resevwa sèvis edikasyon espesyal ak sèvis asosye se pou pwogrè akademik li. Yon avantaj kolateral kondisyon edikasyon espesyal se pwoteksyon siplemantè pou pitit ou pou nenpòt konpòtman ki bay pwoblèm ki gen pou wè ak andikap li ki ta lakòz pwoblèm disiplinè yo.

Si pitit ou resevwa sèvis Seksyon 5043 epi si li vyole yon règ lekòl la:

Seksyon 504 Lwa 1973 sou Reyabilitasyon pwoteje moun ki kalifye yo kont diskriminasyon ki baze sou andikap yo. Timoun ki gen andikap epi ki pa resevwa sèvis edikasyon espesyal anba IDEA ka kalifye pou sèvis Seksyon 504. Règleman konsènan Seksyon 504 egzije yon distri lekòl pou yo bay yon 'edikasyon piblik apwopriye gratis (free appropriate public education, FAPE) pou chak elèv ki gen yon andikap ki kalifye epi ki nan jiridiksyon distri lekòl la, kèlkeswa kalite oswa gravite andikap la. Anba Seksyon 504, edikasyon piblik apwopriye vle di yo bay sèvis edikasyon regilye oswa espesyal ak èd ak sèvis asosye, ki la pou satisfè bezwen edikasyon endividyèl elèv la, ki konvnab menm jan yo satisfè bezwen elèv ki pa andikape yo.4 Timoun k ap resevwa sèvis Seksyon 4 pou satisfè bezwen edikasyon yo pa nesesèman resevwa sèvis ekstansif ki se pati IDEA. Li enpòtan pou sonje kondisyon Seksyon 504 pa ofri menm pwoteksyon legal ak IDEA kont konsekans disiplinè ki endike nan kòd konduit distri lekòl la.

Si pitit ou resevwa sèvis edikasyon espesyal epi si li vyole yon règ lekòl la:

Asire pitit ou gen yon Plan Entèvansyon pou Konpòtman (Behavior Intervention Plan) ki endike kijan y ap rezoud sèten konpòtman ki bay pwoblèm. Plan Entèvansyon pou Konpòtman an ta dwe baze sou yon dènye Evalyasyon Konpòtman Fonksyonèl (Functional Behavior Assessment), epi yo kapab modifye li lè yo travay avèk ekip IEP. Edikatè ki nan lekòl pitit ou bezwen tan pou yo vin abitye avèk bezwen edikasyon pitit ou epitou pou yo aprann kijan li pi bon pou evite ak re-oryante konpòtman ki bay pwoblèm. Si ou pa dakò avèk Evalyasyon Konpòtman Fonksyonèl lekòl la fè oswa ekip IEP deziyen avèk Plan Entèvansyon pou Konpòtman an, ou ka vle konsilte "Yon Gid Paran pou Edikasyon Espesyal,"5 pou jwenn konsèy sou fason pou defann pitit ou. Plan Entèvansyon pou Konpòtman aji kòm yon aji yon kòd konduit distri lekòl la jan li aplike pou pitit ou.

Si yo endike pitit ou pou yo mete li anba mezi disiplinè poutèt li vyole yon règ lekòl la:

Lekòl la ka konsidere sikonstans inik yon elèv lè y ap deside si pou yo disipline yon elèv ki nan edikasyon espesyal pou nenpòt vyolasyon kòd konduit distri lekòl la. Lekòl la ka konsidere faktè sa yo kòm istwa disiplin pitit ou, konpetans li pou konprann konsekans yo, ekspresyon remò, ak sipò yo bay pou li anvan li te gen konduit la. Lekòl la gen chwa pou pa disipline pitit ou. Nan Massachusetts, yon distri lekòl ka presize nan kòd konduit li si yon andikap anpeche yon timoun konprann aklè sa li te fè ki pa t bon te rezon pou yon desizyon disiplinè.

Si pitit ou ap resevwa sèvis edikasyon espesyal ak sèvis asosye yo, epi si yo sispann li pou mwens pase dis (10) jou lekòl la youn-apre-lòt epi si yo sispann li pou yon total ki mwens pase dis (10) jou lekòl youn-apre-lòt nan ane lekòl la pou konpòtman li.

Lekòl la pa gen obligasyon pou fè yon Evalyasyon Detèminasyon Manifestasyon (Manifestation Determination Review, MDR), oswa yon revizyon Pwogram Edikasyon Endividyèl timoun nan oswa plasman.

Pitit ou gen dwa pou yon Revizyon Detèminasyon Manifestasyon, ki se yon reyinyon espesyal pou detèmine si konduit la se te akòz yon relasyon dirèk ak enpòtan avèk andikap pitit ou oswa si konduit la te gen yon relasyon dirèk ak enpòtan andikap pitit ou, oswa si se te dirèkteman paske lekòl la pa t aplike Pwogram Edikasyon Endividyèl (IEP). Si komite MDR jwenn yo relasyon kòz egziste, pitit ou ap rete nan plasman salklas regilye li. Yon eksepsyon nan règ sa a egziste si pitit ou te poze yon zam oswa dwòg ilegal nan lekòl la oswa si li te lakòz yon chòk grav nan kò moun. Answit, yo kapab voye pitit ou nan yon pwogram ansèyman altènatif menmsi komite MDR te jwenn konduit la te yon manifestasyon yon andikape oswa paske lekòl la pa t aplike IPE pitit ou.

Menmsi komite MDR jwenn konpòtman pitit ou pa t yon manifestasyon yon andikap oswa se pa t paske lekòl la pa t aplike IEP, lekòl la dwe kontinye bay yon edikasyon piblik apwopriye gratis. Si pitit ou gen yon Plan Seksyon 504, lekòl la ap disipline pitit ou tankou kamarad klas li ki pa andikape jan sa endike nan kòd konduit distri lekòl la.

Ou gen dwa pou konteste nenpòt desizyon komite MDR pran ki pa anfavè pitit ou devan Biwo Kontestasyon sou Edikasyon Espesyal (Bureau of Special Education Appeals, BSEA). Y ap mete yon kontestasyon konsa sou wout pou gen yon odyans ekspeditif. Ou kapab depoze yon kontestasyon tou nan BSEA si ou pa kwè pitit ou ap resevwa yon edikasyon apwopriye nan nouvo anviwònman edikasyon li.6

3 Seksyon 504 Lwa 1973 konsènan Reyabilitasyon endike okenn moun andikape ki kalifye nan Etazini... « pa dwe, sèlman akòz andikap li, jwenn esklizyon nan patisipasyon nan nenpòt pwogram oswa aktivite » ki resevwa èd finansye federal, ki gen lekòl leta yo ladan, li pa dwe jwenn refi pou pwogram oswa aktivite yo, oswa li pa dwe anba diskriminasyon anba pwogram oswa aktivite yo. Gade 29 U.S.C. § 794.

4 Gade U.S. DEP'T OF EDUC., OFFICE FOR CIVIL RIGHTS, PROTECTING STUDENTS WITH DISABILITIES (2011).

5 "A Parent's Guide to Special Education"

6 Pou jwenn plis enfòmasyon sou BSEA, klike isit la.

SWEN PARAN (KINSHIP CARE) >>

Anba Lwa Jeneral Massachusetts, Chapit 201F, Seksyon 2, yon paran ka otorize yon moun k ap bay swen pou li bay konsantman li pou desizyon sou tretman edikasyonèl ak medikal sou yon timoun.7 Yon moun k ap bay swen ka yon manm fanmi oswa yon lòt moun ki bay swen atanplen pou yon timoun. Seksyon sa a konsantre sou pòsyon edikasyon lalwa sou swen paran. Lwa konsènan swen paran bay moun k ap bay swen an otorizasyon pou pran desizyon edikasyonèl pou yon timoun, menm jan yon paran kapab fè sa. Pa egzanp, moun k ap bay swen an kapab gen aksè nan dosye edikasyon, li kapab reprezante yon timoun nan enskripsyon, nan pwosedi disiplin, ak nan edikasyon espesyal oswa nan lòt afè edikasyon, li kapab siyen fich pèmisyon pou aktivite lekòl la, epitou li kapab pran lòt desizyon ki kontribiye nan yon eksperyans edikasyon pozitif pou yon timoun.8 Yon paran pa abandone okenn dwa paran lè li otorize yon moun k ap pran swen pitit li pou pran desizyon sou non yon timoun, epi paran an toujou gen dwa pou pran tout desizyon medikal ak edikasyonèl pou yon timoun tou. Sa vle di, si paran an pa dakò avèk moun k ap pran swen pitit li, paran ap pran desizyon final la.

Pou otorize yon moun k ap pran swen yon timoun, yon paran dwe ranpli Caregiver Authorization Affidavit (Deklarasyon sou Sèman pou Otorizasyon Moun k ap Bay Swen). Deklarasyon sou sèman an ka valab pou apeprè de (2) ane, men paran an gen dwa pou chanje deklarasyon sou sèman an, ak otorizasyon moun k ap bay swen an pou pran desizyon sou non yon timoun, nenpòt lè depi li fè moun k ap pran swen pitit li konnen sa alekri. Caregiver Authorization Affidavits disponib sou sitwèb tribinal Massachusetts.

Apre paran an ranpli deklarasyon sou sèman an, paran an dwe bay yon kopi deklarasyon sou sèman an pou distri lekòl la, doktè ak dantis. Li enpòtan pou kenbe yon lis moun ki gen yon kopi fòm nan yon fason pou paran an kapab fè moun k ap bay swen an konnen nenpòt chanjman nan otorizasyon li te bay pou moun k ap bay swen an.

Tanpri ale sou sitwèb tribinal siksesyon ak fanmi Massachusetts pou jwenn plis enfòmasyon sou lwa sou swen paran epitou pou jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis deklarasyon sou sèman pou otorizasyon moun k ap pran swen A Guide for Relative Caregivers (pdf).

7 LWA JENERAL MASSACHUSETTS ch. 201F, § 2 (2011).

8 LWA JENERAL MASSACHUSETTS ch. 201F, § 2 (2011).

RESOUS POU PARAN YO AK ELÈV YO >>

Center for Law and Education — Boston
99 Chauncy Street, Suite 700 | Boston, MA 02111
Tel: (617) 451-0855
www.cleweb.org

Children's Law Center of Massachusetts
298 Union Street | Lynn, MA 01901
Tel: (781) 581-1977
www.clcm.org

Citizens for Juvenile Justice
44 School Street, Suite 400 | Boston, MA 02108
Tel: (617) 338-1050
www.cfjj.org

Committee for Public Counsel Services Children and Family Law (CAFL) Division
44 Bromfield Street | Boston, MA 02108
Tel: (617) 482-6212 www.publiccounsel.net

CAFL offices are also located in Brockton, Lowell, Pittsfield, Salem, Springfield, and Worcester.

Department of Elementary and Secondary Education
www.doe.mass.edu

Disability Law Center — Boston
11 Beacon Street, Suite 925 | Boston, MA 02108
Tel: (617) 723-8455 | Toll Free: (800) 872-9992
www.dlc-ma.org

Disability Law Center — Western Massachusetts
32 Industrial Drive East | Northampton, MA 01060
Tel: (413) 584-6337 | Toll Free: (800) 222-5619
www.dlc-ma.org

The EdLaw Project
44 Bromfield Street, 2nd Floor | Boston, MA 02108
Tel: (617) 988-8460
www.publiccounsel.net/edlaw/

The Federation for Children with Special Needs
The Schrafft's Center | 529 Main Street, Suite 1M3 Boston, MA 02129
Tel: (617) 236-7210 | Toll Free in MA: (800) 331-0688
www.fcsn.org

The Lawyers' Committee for Civil Rights and Economic Justice
294 Washington Street, Suite 443 | Boston, MA 02108
Tel: (617) 482-1145
www.lawyerscom.org

Massachusetts Advocates for Children
25 Kingston Street, 2nd Floor | Boston, MA 02111
Tel: (617) 357-8431
www.massadvocates.org

Massachusetts Office of the Child Advocate
One Ashburton Place, 5th Floor | Boston, MA 02108
Tel: (617) 979-8360 | Toll Free: (866) 790-3690
www.mass.gov/childadvocate

Massachusetts State PTA
405 Waltham Street, Suite 147 | Lexington, MA 02421
Tel: (617) 861-7910
www.masspta.org

Mental Health Legal Advisors Committee
24 School Street, 8th Floor | Boston, MA 02108
Tel: (617) 338-2345 | Toll Free: (800) 342-9092
www.mhlac.org

US Department of Education's Office for Civil Rights — Boston Office
5 Post Office Square, 8th Floor | Boston, MA 02109-3921
Tel: (617) 289-0111 | TDD: (800) 877-8339
Email: OCR.Boston@ed.gov
www2.ed.gov/about/

Parent Professional Advocacy League (PPAL) — Statewide Office
15 Court Square, Suite 660 | Boston, MA 02108
Toll Free: (866) 815-8122
www.ppal.net

Parent Professional Advocacy League (PPAL) — Central MA Office
40 Southbridge Street, Suite 310 | Worcester, MA 01608
Tel: (508) 767-9725
www.ppal.net

Massachusetts Appleseed Center for Law and Justice, Inc.
44 School Street, Suite 415 | Boston, MA 02108
Office: 617.482.8686
Email: Inquiry@massappleseed.org

MISYON MASSACHUSETTS APPLESEED
MA Appleseed sipòte dwa ak opòtinite egalego pou moun k ap viv nan Massachusetts lè nou devlope ak defann solisyon nan sistèm nan pou afè jistis sosyal yo.

POU JWENN PLIS ENFòMASYON
Ale sou sitwèb nou pou jwenn plis enfòmasyon sou pwojè MA Appleseed, pwojè "Keep Kids In Class" (Kenbe Timoun yo nan Klas), ak lòt pwojè MA Appleseed.

Dezyèm Edisyon © 2015 Massachusetts Appleseed Center for Law and Justice, Inc. Tout dwa rezève, sof jan endike anba la a: Ou ka fè kopi gratis rapò sa a pou itilizasyon pèsonèl ou. Nou entèdi repwodiksyon rapò a pou itilizasyon komèsyal san pèmisyon alekri pwopriyetè dwadotè a. Ou ka gen aksè nan rapò epi repwodui li dapre restriksyon sa yo sou sitwèb www.massappleseed.org.

Back to Top